lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu geto resital – d-fi powèt revòlte

Loading...

[kouplè 1]
livre on lòt paj nan istwa n a chak fwa son makònnen
si geto a pa gen plim li listwa ap toujou pale de grenn sonnen
m ekri l, mizik se reflè nanm nou
chante l sou gita dezakòde eseye refè lanmou
on lanmou k mouri ak prensès yo sou twotwa
geto a konte sou mwen m konprann sa twò ta
m konprann twò ta ke èn nouri èn
ke vyolans se kansè nou sa k fè anpil frè m mouri jèn
menm lè m tap rap levanjil li, m pa t vlew pran l pou tanp ou
konn sa sa vle di lè zam on frè w brake sou tanp ou
ben non? ok, sa vle diw pran nan ras kabrit
menm sa k a bib ap veye pou l fè on kou, se sa k lari
m vle rap lòt bag*y apre koridò ak rigòl
di yo gen on lòt vi lwen gè gang ak krim dwòg
e menm si son sa ap woule nan kas ou ke festival
m met tout lanmou m ladan l pou bay on geto resital

[refren]
kite ti van sa bèse zòrèy ou
ti mo sa kouri sou lèv ou
dlo kò w koule pou bwote chay nou tout
getoyout gade zantò yo nan je
kase kreyon an, ekri istwa w jan w vle

[kouplè 2]
nan vale lanmò m’ap rele èd, pèsòn pa di alo
m gen frè m ki dead pi trajik pase diallo
bandi legal donnen polis ilegal
m dread, pantalon m anba bouda m, nèg vide bal
e lè n reyaji yo voye boid ak tout dram
tout dra blan frè depi w sot la ou koupab
ban m diw, vandredi bay koulè dimanch
kouman pou n pa 117 lè pou pran pouvwa politisyen bay bandi manch
m ekri sa m viv, lari a se kilti m
frè m nou koupab otan ke n viktim
on mil goud nan mitan n met divizyon
si je n koud, li nòmal pou n pèdi vizyon
linyon fè n fò men mizè febli n
si mizik mwen fè eko se paske doulè m fè bri
m desine lari a rele picasso geto a
pou chamew m vin ak vava, se seriz sou gato a

[refren]
kite ti van sa bèse zòrèy ou
ti mo sa kouri sou lèv ou
dlo kò w koule pou bwote chay nou tout
getoyout gade zantò yo nan je
kase kreyon an, ekri istwa w jan w vle

[kouplè 3]
sispann frè m, la a p ap janm paradi
remèd la se pran pou pran l, li enskripsyon yo p ap geri maladi
malgre mwen m s on dèlmo (modèl)
yo te di m se aksyon m k ap chanje sa, se pa bèl mo
donk m fè l pou enspire kèk ti frè
di yo rèv yo ka donnen menm si yo te plante l nan kè mizè
m fè l pou di w geto a se pa sèlman lame rat
ke vrè ewo nou yo se pa tikouto ak amaral
men se papa w ki mason, manman w kap pote bout sak
pou evite w wout prizon mete w sou wout fak
alabaz, wana se ti oubyen gran sèn
se rèn yo vyole k pral akouche franketyèn
geto a se ti sourit, rabòday, konpa
nou eksprime n nan kèk grafiti, kèk bon rap
plim nou se 35 zile, f and me’s
vrè slogan n se pa koupe tèt boule kay, se love and peace

[ refren ](2×)
kite ti van sa bèse zòrèy ou
ti mo sa kouri sou lèv ou
dlo kò w koule pou bwote chay nou tout
getoyout gade zantò yo nan je
kase kreyon an, ekri istwa w jan w vle

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...