lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu imòtèl – d-fi powèt revòlte

Loading...

[kouplè]
mwen, vi m, lirik mwen, doulè m
trèzan apre m stil ret kwè kèk kouplè kapab koud plè m
frè m se kayen, ou wè sa k ap rive m si m ba l do
se kwonik on rejte k vin make tan l, rele m balto
sa pral de mal an pi, sou sab bò lanmè m bati
yon anpi, m s on ewo yo te vle fè pase an mati
lavi a ban m on milyon rezon pou m ta kite l
men abandone pa nan vokab mwen, m gen jèn kounta kinte
m te vle briye, men manman m di m tann lè m
anlè a s on frè w k ap asasinen w, sonje malcolm a harlem
malè m, m toujou ap batay pou menm ide a frè
e m soti nan petèt sèl peyi k asasinen liberatè l
wè m parano, men si tout pwojè m tonbe ” à l’eau”
m konnen lòt bò fil la filip ap reponn chak fwa m di alo
m soti, kote pou on ti pwogrè nèg ap poudre w
menm ak boul grenn mwen m detache m, sèkèy la pa gen plas pou de
m koube m a kreyatè m nan, se li k abit mwen
jijman l yo irevokab, m ap tann salè tout peche m
an atandan, m ba vi m sans lè m gen mic a “beat” mwen
on plim pou ekri reyalite m, on konsyans ki pou preche m
m p ap depeche m, kite melodi a pote m ale
migga m vin make tan m nan kòm si m te bob marley
m vin pale tou wo, sa geto a ap plenn tou ba
pa sezi avan twa albòm si ou wè pwatrin mwen plen tou bal
koupab ke m ap chache a, m wè l lè m gade m nan glas
karma, nan chatiman ou yo, m ap mande ou pou fè m gras
m sot sou chimen an, sa m wè yo pa fasine m
twòp espwa y asasine, gen twòp rèv ki kalsine
wè gen rèv, men pou yo reyalize sa ap pran tan
mwen tou m gen rèv, men m toujou pantan
nan menm pwen an, m wè ti nèg a menm jwen an
m voye dlo, m pa mouye moun, mèt li mèt ranmase pwen an
se toujou menm manif pou diri oubyen gaz la
toujou menm gè gang yo, geto yo tounen gaza
toujou menm avni yo k nwaye nan dwòg ak alkòl
toujou menm ti frè yo k pran chimen prizon k kite lekòl
san vizyon, jenn gason ap fonde fwaye anba tant
manke anbisyon, jenn fi an vle on bwat makiyaj pou vizaj li e pou anndan janm li on patant
nan mitan devyans yo m t ap tann, m pa brant
men m konte kidnape rap, yo di l pa met bòl
don’t give a f*ck, dayè se siksè a k sedui m, m pa t sou bò l
sa dwòl, pwoblèm peyi a pa rezime a ti kapris mwen yo
f*ck hit, se pa on jordan k ap efase sikatris mwen yo
stil rap tris mwen an
pa chame mezon disk, rezon k fè m pa jwenn kontra, yo pa feel stil atis mwen an
kou lòt la, mizè gentan make m, m pa wè rezon pou m tatouwe
siksè pa nan clash, pou m monte se pa on frè pou m ta touye
yo bafouwe verite, kache l nan pi lon
tankou po kalangèt, mwen m vin boure l ak sèl
m ap aprann ou vizyonè ou an pa wè pi lwen, se nen l ki pi long
sak fò viv pou kont li men pi fò fè viv frè l ak sè l
ak sèl plim mwen m vin revòlte sou fèy blanch
m ap kontinye viv nan kè geto a menm kouche nan 4 fèy planch
m p ap janm trayi konsèp mwen yo
pi gwo sousi m se sa kap vin dèyè yo, se ak yo m dedye konsèy mwen yo
on bag*y m aprann lè m te konn al krache ka do
siksè se nan travay, vi a pa konn fè kado
kwè m, frè m, si l ap fè tèk fò w ka fè tou
e lè yo di ou kòb pa fè bonè, di yo mizè pa fè l tou
lè ou kòmanse gen nan pòch ou ap wè malonèt fè repwòch
e si ou fè on pa anplis sou kavo w a chak jou fèt ou
m ap di w, viv vi a selon ou menm ak règ nèg yo pa soumèt ou
fè chwa ou ant ri dèyè on bourèt ou kriye nan on porsche
se tout pwòch mwen k pati k fè m aprann
se pa dire on vi k konte men tout sa ou akonpli ladann
se pa tit men ekselans menm lè konesans se fizi
tan pou m doktè kou napo m pito kawotchouman kou izi
m vle dòmi sou lajan men m p ap vann namm mwen pou monnen
gran paran t aprann mwen fyète ka fè grandi menm on nen
èske m dwe tatouwe esther ak lajenès sou chest mwen
pou rann ou kont fanmi , zanmi se pi gwo richès mwen
tristès mwen, geto a ap koule m paka rape l cool
ou ap wè dlo je ti nèg koule chak lè m raple l kou l
pran. fòs ou pa nan sa ou bay men nan sa ou ankese
gen emosyon nan rim mwen yo, kè brize m vin pyese
an pasan, m ap di ou chak moun gen lè yo
pito ou pasyan sou wout la ke se lopital ou al pasyan
lè mond lan bliye vizaj ou, se zak ou k ap ret etènèl
ebyen se stil tèks sa yo k ap fè m ret imòtèl

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...