lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu kè brize – d-fi powèt revòlte

Loading...

[kouplè 1]
nou te kwaze twò ta, separe twò bonè
mal pou eksprime m, donk m vòlè mo kèk powèt
ou make tout on pati nan vi m
nou te jèn, nayif, nou te menm kwè n tap viv nan fim
viv chak jou san panse a demen
kesyon
èske se desten n ki chwazi n ou nou k chwazi desten n?
m te pèdi nan je w, m t ap vanse nan mitan lanmè
kote m p ap jwenn pye
kote pwomès pa kenbe
ou te vire dow
san pale, m pa t menm ka pran men w pou m di w pa ale
pou sa m te gen twòp ego
ou kite bwat mesaj yo men ou pa kite souvni m
ou fin aprann mwen renmen, kounya aprann mwen mouri
ou te sèlman di m pa kite pèsòn tounen sant lavi m
m tap kouri pou sa kap chache m,chache sa kap fui m
kè a gen rezon ke sèvo thug pa metrize
di l se lanmou ki fè nou, se lanmou ki brize n

[refren] (2×)
(james blunt * goodbye my lover)

goodbye my lover
goodbye my friend
you have been the one
you have been the one for me

[kouplè 2]
pawòl yo pa gen sans, si m pa baw prèv
reyalite a t ap ratrape m, men ou te gen lòt rèv
ou te vle zanfan, wè m k ap leve vwal la
men lè w sou bouda w, menm ennmi w ka achte w mande vwala
ou te dwe fè chwa ant sa w vle e sa w bezwen
m ap pale w kote lanmou pa nan woman men nan on aleken
ou pa t gen kouraj wè rèv ou ap mouri sou pretèks santiman
kote ou ka pèdi vi w si w manke santim nan
s on mond enpafè kap ekzije n pou n pa fè
m pa konn sa m regrèt ant sa m te fè e sa m pa t fè
lavi a pini m
an vrè m pito ri paske sa te ekziste tan pou m kriye paske sa fini
si m renmen l vre m dwe kite l lib, nouvo lanmou l kite l viv
se pa chanje paj, m dwe chanje liv
m te mize, m pèdi, si ou kwaze l di l
se lanmou ki fè nou, se lanmou ki brize n

[refren] (2×)
(james blunt * goodbye my lover)

goodbye my lover
goodbye my friend
you have been the one
you have been the one for me

[kouplè 3]
viv twòp nan pase m fè m neglije prezan m
m ap kriye pou on bèl wòch m pèdi pandan kote m gen on dyaman
al, kite m mande w padon paske m bare wout ou
paske m pa rive efase tout dout ou
lè w fè vi w nan on kaj, ou ka panse vole s on krim
pa gen lontan m t on jòkma, men kounya m se on king
nan vi a lè w kwochi genyen k vini pou drese w
genyen k vini pou geri w lè kèk lòt fin blese w
m te dwe di goodbye pou m te ka vanse
mennen m kote w vle men konnen gen plè k poko panse
rafrechi m, m epuize
m ba w kè m, men fè atansyon li ka blese w paske l brize

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...