lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu pasyon m – d-fi powèt revòlte

Loading...

[kouplè 1]
m ap viv pasyon m, menm ak manman m chwazi tete grann
raple w lè pyès pa t kwè nan mwen, pou santi yo pa t pete ban m
m te vle gran, yo di m swa w mouri, swa w touye, kote m soti a nèg, anyen pa t ka anpeche m si m te vle gang
fistrasyon m? a! m pase sa sou kèk “beat” men
m aprann plen vè m a fòs m grandi ak kè vid men
lank nwaye pèn, dlo mizè nwaye rèv
m voye je m nan je esther chak lè èn ta vle nwaye kè m
e tanpi si m fini mal
m fini pa konprann ke siksè a menm pou nou tout men reyisit la chak moun defini pa l
mizik fè m touche syèl
e si vrèman gen paradi, m espere kwaze papa m chak lè m monte sèn

[refren]
pou on mizik ke m renmen
e paske lanmou avèg m kite l mennen m
ant plezi ak risk, ant mo lanmou ak fistrasyon
m bati vi m frè m m ap viv

[kouplè 2]

desepsyon parantal
fanmi an konte sou mwen pou l sot la a men “à ce qu’il paraît” fè mizik onèt pa rantab
rèv ak plim se byen, men manman m t ap pito on diplòm
desepsyon inonde kè l kòm si l te kriye on siklòn
m ap trennen on lavalas doul dèyè chak souri m frè m
se melankoli m ki fete lè m jwe vi m sou rim frè m
rezon k fè m viv kounya a avan te on senp foli
mizik anprizone m, m kondane a vi anndan on senfoni
nòs majik
depi lè m kwaze rap menm si fantasme sou avni m, sa rann mwen nostaljik
men mizik fè m touche syèl
e si vrèman gen paradi, m esperz kwaze papa m chak lè m monte sèn

[refren]
pou on mizik ke m renmen
e paske lanmou avèg m kite l mennen m
ant plezi ak risk, ant mo lanmou ak fistrasyon
m bati vi m frè m m ap viv

[kouplè 3]

m te pèdi nan on rèv pandan kèk moun t ap moke m
pòt siksè fèmen pou ouvè l, travay se mo kle
m te sot sou chimen an pou m al kontanple avni m
sou po m, m pa t vle pou geto a te tanpe a vi
yo te di m “lavi pa p ba w, pran”
m fè ovèdoz somnifè depi lè m apran ke pa gen rèv ki twò gran
mizik sèvi m pon, reve pete plafon
kouman pou m di w plis ap gen vid nan mwen, plis ba m yo ap gen fon
chak kou m rap
m bliye sousi yo, nuit la gide plim mwen kou psy 4, soy un hijo de la luna
mizik fè m touche syèl
e si vrèman gen paradi m espere papa m chak lè m monte sèn

[refren]
pou on mizik ke m renmen
e paske lanmou avèg m kite l mennen m
ant plezi ak risk, ant mo lanmou ak fistrasyon
m bati vi m frè m m ap viv

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...