lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu pou m te rive la – d-fi powèt revòlte

Loading...

[kouplè 1]

chak jou k pase nan vi m, map boss tha rhymes
prèv ke m vle rive gen on non kou busta rhymes
sa kòmanse an 2003 “vi nèg” tap bèse m
adolesan m te vle pèse san kite nèg pèse m
hip hop frape m, se te jis pou trip mwen
sak ta di on jou mtap santi l jis nan trip mwen
an 2005 mkonn lord (imp), on gran nonm
m remèsye vi a m te kwaze ou, n*gga m dwe ou non m
rappeur hors norme, men m te toujou ap viv dans l’ombre
lòt bò baryè premye tèks mwen defini m ekriven sombre
se epòk nwa ak wouj met on jenès an foli
di m pi bèl fyète rap aprè best*seller an foli
m bay respè a sak merite l, m pa nwi m te elèv
m konn on jou kanmenm m tap vin pran la relèv
frè m m depoze on rim nan memwa dejavoo
m pat jeneral ni sòlda men nan konba rap m te gadavou

[refren]
pou m te rive la m bay swè,m bay kran
m bay kè, m bay san
m rap tan, m bay tan
pou m te rive la m met raj ak talan
men tout sa w tande a rap pa t pwomèt ni glwa ni lajan
pou m te rive la m fè vibre on favella
di m sa w wè w ka fè la
m wè gran kou rocafella
pou m te rive la die*nasty, defhustla
highrec mizik epizòd di nèg la kenbe favè l la
[kouplè 2]
pa on jou san on rim, mizè gaspiye talan
on gran nonm te di m map briye menm si m ta lan
m te vwe m ak rap, kolabore ak krys stephane
pwezi te pa n men kòb still te pàn
li kite m li pran wout christ se chwa l
poutan jouk kounya map soufri depa l
lè sal rap ban m kè plen m konn anvi tande 2 ba l
regrè m, yo p ap janm konn sa ki te nan “rap plis ke sa”
2010 m pa chanje, nan geto a m ap trime
diferan day same sh*t m toujou ap rime
ak espwa on jou hit ap di m welcome
se konsa mvin kwaze z, kelly, degou, wellborn
rave, premye beat maker ki met beat anba m
si l te dre m tap eminem tèlman l te kwè nan ba m
smart thug pran premye vwa m,big up defhustla family
on lòt paj ta pral ekri jou m ta pral kwaze chrispy

[refren]
pou m te rive la m bay swè,m bay kran
m bay kè, m bay san
m rap tan, m bay tan
pou m te rive la m met raj ak talan
men tout sa w tande a rap pa t pwomèt ni glwa ni lajan
pou m te rive la m fè vibre on favella
di m sa w wè w ka fè la
m wè gran kou rocafella
pou m te rive la die*nasty, defhustla
highrec mizik epizòd di nèg la kenbe favè l la
[kouplè 3]
m anchene rim, raple ou 48 ba m an freestyle
sha clan te fyè m tap depoze die*nasty style
pwojè san abouti tras yo nan memwa m
m pot ko menm fè “mwen la” lè castro t’aklame m wa
konsyan ou ego, plim nan m pran swen l byen
m ret kwè m tap gentan hit si m te fè “rap*id” ak swengen
brèf, m lage pou kò m
paske m te kwè nenpòt chimen m pran li tap ka mennen m wòm
2013 ak “street life”, m anonse sal rap
m fè rap konsyans ak mo ki pi vyolan ke gangsta rap
m pran on lòt etap kou kaz, m chanje epizòd
m te kite street lan pou m pase dèyè booth epizòd
m tou pre siksè, se sa m te kwè men m rekale paske m pat vle pou m koube m a on sistèm
se ak on plim pa ak on baton m antre nan dans
mwen mtoujou gen tandans pou m pa jan m swiv tandans
twò vrè pou siksè, jijman sakastik
touche fon, 2014 ane sabatik
m te menm panse vag, mèsi pou sipò n, swe pou mwen, pou ou map chanje rad
2015 m chanje paj, powèt revòlte apre apèl ed
fè m konprann se pa rap ki mouri men se rapè k dead
levanjil geto fè eko, non m ap kònnen

2016 rèv ak plim, sonmakònnen

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...