lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu ttr – d-fi powèt revòlte

Loading...

[verse 1]
fini rap pou snap back, fini rap pou swag
fini p*ssy kap kenbe mic kou boutlèg
fini nèg kap diss on frè l pou l grenpe
now it’s time to rap, powèt ak gran p
twòp nèg ranni nan mic sou konn bèt ki nan savann
apre yo gen kouraj monte radyo ap mache di sa vann
twòp nèg vann nanm lè pwoblèm kòb te bare kafou l
twòp nèg trayi pozisyon, twòp lidè pami lafoul
(ah,ah) di m kiyès ki koupab
depi lè nèg pa bay hip hop bourad, yap bay bouda
met fen nan sa
isit pa gen grammy donk nèg ap rap pou viza kòm si dyaspora s on fen an swa
twòp tijèn diss ansyen,twòp ansyen sousou tijèn
king, b*tch, swag sèl sak sijè n?
stop it. we get no time to lose
f*ck sa kap di rap te miyò avan
no school rules

[refren]
it’s time to rap (hey)
ou mèt di yo sa se tan pwezi
se lè pou n montre jay z n ka gen rapè tankou blayz
it’s time to rap
se moman pou n bay rap dan dan nèt
met ansanm pou n ka refòme tanp dè granmèt
it’s time to rap
powèt revòlte pran pozisyon real n*ggas pran minisyon di yo nou gen misyon
[kouplè 2]
fini nèg ki panse pou pran mic kèk tatou, ba l atou
dèyè plim nan pa gen thug gen powèt mande tupac shakur
m deklare n gè, donk m prè pou m pran bal la tou
m pa responsab sa ou konprann, m responsab sa m spit
m wè twòp wack vle fè gangsta rap ak vwa sam smith
chak it ban m degou, fat beat pou tèks vid
pa gen valè, nèg sakrifye diyite pou kèk feat
pou kèk fi k vle sèvo yo donnen, ak knowledge pou wouze l
prensès ou dwe gen on bit pou boule pa pou souse
nèg yo fo, yo gangsta san fè lari
on banm chofè moto k fèw kwè y ap woule an ferrari
mc talan an se pa nan rad yo l ye
di animatè a tou hip hop se pa nan radyo l ye
pou m reprann on mc, rap pa fèt san pozisyon
menm si yo pran jew, pa kite yo pran vizyon w

[refren]
it’s time to rap (hey)
ou mèt di yo sa se tan pwezi
se lè pou n montre jay z n ka gen rapè tankou blayz
it’s time to rap
se moman pou n bay rap dan dan nèt
met ansanm pou n ka refòme tanp dè granmèt
it’s time to rap
powèt revòlte pran pozisyon real n*ggas pran minisyon di yo nou gen misyon
[kouplè 3]
li lè pou n lige, mwens teknik plis lide jwenn idantite sispann kite loksidan gide
rapè ou son “icône”, tifrè yo kontan lè yo konn verse ou
pandan l pye atè pa fè l rap pou converse ou
rap reyalite l dfann dwa l yap vyole
pou liw dwe wè pi lwen ke antoine nan gomye
angaje w, se pa vann disk fè atis dèyè on mic
nan booth kou nan lari rap pa fèt san batay
(ah ah) ou pa dwe on maryonèt politik
pa kite sistèm nan fè ou detwi frèw pou pwofi li
pa touye valè w, pou leve karyè
m pa mande w pou rapè konsyan men kou kent pran konsyans ke w rapè
ou pa dwe endiferan
pa etenn li rann piwomàn menm jan ak met dife an
mwen sak preyokipe on jenès kap benyen nan medyokrite
mpito boule mikwo m nan tan mkite se yo k gide m

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...