lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu deyò a – bic tizon dife

Loading...

yeah

deyò a chaje zenglen moso boutèy, bwat juna, papye chico, reyon bekan, grès machin
deyò a pa bèl
deyò a se fatra k ap boule, klaksòn bogota, chandesperans kont beretta
deyò a pa bèl
fil wotansyon prèske bobo ak fèy tòl, n ap bay lavi bwa mitan l ap ba nou fil mòl
deyò a pòtre yon tonbo blanchi, chak ayisyen se yon kòk mò k ap koutize lavi
aleken sou pil fatra, ti bebe nan tou rego, machann pran plas machin
deyò a pa bèl
medikaman nan lari, kopi cd nan laye, dwadotè se bèl franse
deyò a pa bèl

nou di n ap bouche twou men tanzantan nou fouye tou
nou di nou prale dwat men tanzantan n fè ti detou
nou vle peyi a frèt men tanzantan n met dife tou
an miyanm m kale ti chat, ti chat kale m, m kale li tou

deyò a
jenès nou an pa gen fòmasyon – deyò a
lekòl nou yo pa gen direksyon – deyò a
chak grenn ayisyen k ka ekri non yo oblije pati pou fè blanmannan chanje non yo – deyò a
pa gen fyète ankò – deyò a
nou tounen tèt san kò – deyò a
dlo pa monte mòn, men tout mòn yo degrenngole y al nan dlo – deyò a
ti blòdè deside bon sou ou- deyò a
raketè chaje pawòl pou ou – deyò a
lè w bay lamen sonje konte dwèt ou, nan chante gratis atis ou ka pèdi lalwèt ou – deyò a
gouvènman ak opozysyon sou de ran – deyò a
pandan timoun ap mande pou ka pran swen paran – deyò a
labib di nou moise te echwe men jodya nou gen ayisyen ki abite kanaan – deyò a
tout moun ap bwase tout moun sou mato – deyò a
tout moun ap chache yon moso gato – deyò a
deyò a se pye sou kou grenn kraze, deyò a se rati braze – deyò a
anba poto limyè gen elèv – deyò a
anba poto limyè gen brasèz – deyò a
deyò a se pi gwo pi gra – deyò a
menm jou dimanch se madigra

nou di n ap bouche twou men tanzantan nou fouye tou
nou di nou prale dwat men tanzantan n fè ti detou
nou vle peyi a fret men tanzantan n met dife tou
an miyanm m kale ti chat, ti chat kale m, m kale li tou
deyò a
se dilatasyon se dilatwa – deyò a
se chimen ki mennen labatwa – deyò a
se kòdonye k ap repare machin – deyò a
se mekanisyen k ap fè bèf chenn – deyò a
se rasta k ap danse tèt kale – deyò a
se tèt kale k ap met perik rasta – deyò a
se polisye ki pa kontan – deyò a
se bandi k ap fè la pluie et le beau temps
se pwofesè k ap mande meyè tretman, malad lopital yo kap mande medikaman
se kokorat k ap mande pou entegre
se pastè legliz k ap montre nivo degre – deyò a
se ayisyen k ap pran refi – deyò a
se jèn gason k ap tounen fi – deyò a
se dominiken k ap vann nou ze – deyò a
se perle des antilles k ap betize – deyò a
ou menm ki di deyò a pa gen anyen, di m sa w wè

deyò a

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...