lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu mizik sove vi m, part 2 – tafa mi-soleil

Loading...

[kouplè 1]
tout dlo nan je ane yo pa efase
bay kou bliye, pot mak sonje
moman sa yo mwen pèdi tout fòs mwen
e pyès priyè, pa soulaje m
m te kwè mwen pou kòbm
lè m ri pou moun pa konnen
sa ki blese m nan fon kè mwen
m jemi pou syèl la tande m alelouya
yon melodi, mete m sou pye

[refren]
m p ap koube, m p ap pliye
e si lavi a vay ke vay m ka ap chante
nan chak nòt yo m twouve
chimen nanm mwen
sak fè malgre m vle bay legen
m gen rezon pou m kenbe mizik sove vi m

[kouplè 2]
lavi a konn santi kri devan mwen
pwezi a lou
fènwè sèl chèf
m pa toujou kapab kenbe rèv mwen yo
lè yo ban m do san eskize
doulè fè m danse sou yon pye senti m mare
aprè lapli tan pa vin bèl vre
m jemi pou syèl la tandem alelouya
yon melodi, mete m sou pye

m p ap koubeeee………………

[pon]
piske tèt mwen poko koupe
m pa dezespere met chapo
travèse dlo yo
mizik la janbe dife m yo
doulè yo kab tounen pousyè
piske mizik pa gen fontyè
demen solèy la va leve

m p ap koubeeee

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...