yon meyè demen - barikad crew bc lyrics
[brital]
vrèman demen ka pi bon si n ap panse pou jèn yo
si n ankadre tout talan panse rezoud pwoblèm
edikasyon pou nou tout pou timoun yo fò n trase wout
divizyon pa dwe gen sa se li ki ka fè n fè plizyè bout
sa w plante, se li w rekòlte
fò n revòlte paske vi nou trè dekòlte
pi bèl ide a se met pwòpte tout kote
bati inivèsite nan tout peyi a tout bon vre
nou vle konesans pou n ka bay lavi nou sans
nou p ap pale rans nou lib se pa pou chans
gèlè w bliye se nou k te fè endepandans lan
l’union fait la force se sa k te bannou rezistans lan
e pa ret kanpe gade m se vin foure men w nan pat la
ou pat la s on kat k ap rebat la
pou demen bagay yo ka vin pi fat
s on fason dès maintenant pou n ka viv pi dwat
[refren by da marco bc]
pa gen plenyen se pou demen
fè sa ki byen, fè sa ki byen
tout sitwayen sou tout chimen
fè sa ki byen, fè sa ki byen
pa kanpe lwen chèche mwayen
fè sa ki byen fè sa ki byen
fò nou met men fò nou goumen
pou yon meyè demen, yon meyè demen
[fantom ]
nou plis panse ak pwoblèm yo ke n chèche jwenn solisyon
an plis nou gen gwo kè pou on lòt ki gen gwo vizyon
lavi pa t ap gen sans si mwen ak ou te gen menm opinyon
nou reziye n viv a 5 goud pandan nou vo plis ke milyon
a 20 ans papa m di m degaje m ede tèt mwen
pou mwen l te mechan mal li fè m se sa k te nan tèt mwen
e poutan, se je mwen li te vle louvri
yon lòt fasad nan lavi l te vle fè mwen dekouvri
m vin grandi, m vin gen sans de responsabilite
m vin acquis sagesse, aimabilité, fiabilité
en plus de stabilité lè m tonbe m konn jan pou m leve
sak fè chak swa lè m ap dòmi ak bonè m toujou reve
gen 3 pitit moun p ap pwofite yo pou nesesite
kote ki negatif nan mwen an m pa vle yo erite
fò mwen swe si tout bon vre m pa vle yo nan malsite
m ap travay plis yon demen meyè se sa yo merite
[refren by da marco bc]
pa gen plenyen se pou demen
fè sa ki byen, fè sa ki byen
tout sitwayen sou tout chimen
fè sa ki byen, fè sa ki byen
pa kanpe lwen chèche mwayen
fè sa ki byen fè sa ki byen
fò nou met men fò nou goumen
pou yon meyè demen, yon meyè demen
[bricks]
m reve yon jou peyi a ap mache
non! kounya m pa vle reve fò m wè l mache
fò nou poze men n nan ak yo
poze poze zak yo
li lè kounya pou n pa pale met la yo
si n vle on bon demen se jodi pou n kòmanse
pwofesyonèl, metye se lekòl pou n ap panse
se pa rete nan bouch ap tete tete
rekonèt lè a rive fò nou tout mete pye
the time is now ! ase pòch pou peyi a
sa ki gen konsyans nou pale twòp ann aji now
nan bati lopital si n vle bon jan sante
fò pwovens yo plante pou n jwenn bon jan manje
ghetto an gen 30 bank menm pa yon klinik
jèn ti fi menm pa tann laj pou fè pitit
si se tout bon w ap chèche on better tomorrow
ou better start now, pou jou a pa bare w
[refren by da marco bc]
pa gen plenyen se pou demen
fè sa ki byen, fè sa ki byen
tout sitwayen sou tout chimen
fè sa ki byen, fè sa ki byen
pa kanpe lwen chèche mwayen
fè sa ki byen fè sa ki byen
fò nou met men fò nou goumen
pou yon meyè demen, yon meyè demen
Random Song Lyrics :
- rejection - houseboy lyrics
- listen woman - sangre mexicana lyrics
- see-line woman - danielle ponder & bryce dessner lyrics
- you dont love me - proleefic lyrics
- v1sion - ekz x sean lyrics
- this is de aitch - de aitch lyrics
- 눈이 녹는 계절 (it is what it is) - haon (김하온) lyrics
- thrills - claudia valentina lyrics
- heart on sleeve - juliangk lyrics
- world of my dreams - sofa tsetsokho lyrics