
rèv yo - d-fi powèt revòlte & ken-fs lyrics
[verse 1: kenfs]
mal dòmi depi lontan men m toujou fè bon rèv
ka di’m pa gen merit men devan lavi m toujou fè bon prèv
e si batay mwen yo pa sifi pou’w reyalize’l
se ou, bon di’m sa’m dwe bay kap sifi pou’w legalize’l
brize on pati nan vi’m, pou bati on demen
m vini moun yo banm gwo lanmè m pati an reken
plante rèv yo lannwit lè’l jou solèy griye yo
gen etwal anba dlo a lè’l fè nwa wap wè briye yo
m pa reve pou tout moun
m limite m son mòtèl man
men si nanm mwen dwe pati pou sa m pa reve kou tout moun
mirak, m konnen’w ka dòmi cheni ou
leve papiyon klè siw son jeni’w gon foli
pandan’m pa inyore sa ki wè’l nan mwen yo
m pat kesyone pou defèt siw vle konn pou kisa’l ban mwen yo
m dòmi pou repoze’m koulyea m reve pou hannah
m reve pou yon bon père de famille map reve pou papa
[verse 2: d*fi]
rèv yo gen pri
se a baz sakrifis atis tris, plen atifis
san pasyon pa gen vi
lalin gide pa m pandan nuit la pot konsèy yo
sou treto yo m te gentan ap reve gwo konsè yo
ouais, rèv yo kite koridò yo pran gran ri
yo di m ap mouri on jou, kidonk m al viv nan nuit
rèv pa konn twò gran, jis on plim pou soutni m
m wè pi gwo desepsyon m yo tounen pi bèl souvni m
talan an la, raj ak swe m sèlman k la pou finanse l
forever young, on jay z san beyonce
konstui on bag*y apati anyen
m t ap panse ak posede on fou lè lòt t ap panse ak on pen
fòse desten m, hasta la victoria
m sonje jou m te konn ap reve sa m ap viv jodi a
m viv rèv mwen yo, li nòmal pou lavi m fè ou reve
pitit lalin, lè solèy ap kouche mwen m fèk leve
Random Song Lyrics :
- gib gas - m.o.030 lyrics
- u.n.d.e.r - under mc lyrics
- grounded - mikeeoguru lyrics
- hakametän rillillä - spitfire lyrics
- things you do - yungwildniggaz lyrics
- forbidden song no. 2: kamandag (pogi problems) - bennybunnyband lyrics
- тнечмдр (you didn’t care what we did before) - may wave$ & ameriqa lyrics
- nós, destinos - elba ramalho lyrics
- opera - cold hart lyrics
- annikunt anthem - lil chan lyrics