
linyon (remastered) - john steve brunache lyrics
[verse 1]
men tanbou, si w tande ransanble yo souple
gen lontan n separe, tanpri fe n jwenn rasin, o
men tanbou, si w tande ransanble yo souple
gen lontan n separe, tanpri fe n jwenn rasin, o
men tanbou, si w tande ransanble yo souple
gen lontan n separe, tanpri fe n jwenn rasin, o
wo yo yo, yo yo yo yo yo yo yo yo yo yo yo oy
[part ii]
iye, iye, iye
iye, iye, iye
iye, iye, iye
iye, iye, iye
iye, iye, iye
iye, iye, iye
[verse 2]
sa fè lontan depi yo separe nou
depi lè nou te kite tè lafrik o
lè kolon pran nou mare tankou bèt
pou yo te fè nou kwè ke nou pa sanble
pou yo te fè nou kwè ke nou san valè
“se pa vre, nan ginen nèg te trayi nèg”
se pawòl pou yo fè nou ret divize
pou pa janm gen renmen, pou pa gen linyon
sa fè lontan depi yo separe nou
divize nou pou yo ka toujou renye
[verse 3]
jodia nou konprann e nou jire
jodia nou konprann e nou jire
si nou la, sèke nou sanble
si nou sanble, sèke n ka renmen
nan renmen na va jwenn linyon, woy
linyon va di sa nou ye sou latè
linyon va di sa nou ye sou latè
linyon va di sa nou ye
[sprechgesang]
moun nan peyi a, valè yo, bote yo, lasyans, zèv atistik yo, eritaj kiltirèl yo nan sivilizasyon yo, se sa ki yon nasyon. lanmou, linyon ki makònen lavi nan sosyete nou, sekirite ak lajistis ak respè dwa lavi, timoun yo, granmoun yo se sa ki fè yon nasyon, yon nasyon[.]
[verse 4]
tout gason tout fanm peyi dayiti
fòk nou kanpe kale je nou gade solèy
tout granmoun ak jenn moun nan peyi a
fòk nou kanpe pou n reklame tout dwa nou
jire pou nou toujou kale je nou nan je tout moun
jire pou nou toujou renmen pou’n toujou gen linyon
[refrain]
jodia nou konprann e nou jire
jodia nou konprann e nou jire
si nou la, sèke nou sanble
si nou sanble, sèke n ka renmen
nan renmen, na va jwenn linyon, woy
linyon va di sa nou ye sou latè
linyon va di sa nou ye sou latè
linyon va di sa nou ye
[refrain]
iye, iye, iye
iye, iye, iye
iye, iye, iye
iye, iye, iye
iye, iye, iye
iye, iye, iye
Random Song Lyrics :
- calibre 73160 - kid killa, lek r.u.l.l.s., pachecong, kucho dsc & layon lyrics
- hush - cymba feat. deverano lyrics
- all life - nuits d'etoiles lyrics
- the anthem - onra lyrics
- run (lost frequencies remix) - emma bale lyrics
- certainty - temples lyrics
- non sono più io che vivo - rinnovamento nello spirito santo lyrics
- triste por tu olvido - dina paucar lyrics
- basic instinct - acid lyrics
- we are the ones (ft. diana martinez) - we trust lyrics