
bòn ane - k-lib mapou lyrics
si w sansib, ak ti kè w nan men w pa tann fen mizik pase w ale
swipe oubyen scroll down m tou pwofite di w bòn ane
larezonnen sou pèp ayisyen
bòn fèt lendepandans
221 an vant nan men nan kontredans /vanse a kontresans
voye 2024 ale ak tout giyon
limen balèn benyen ak fèy lave tout pichon
pou tout sa k anba a m ap swete n bon konba
pou tout sa k opouvwa lane yo te pase swa
moso moun sousou blan
san karaktè plat kou kòb
opozisyon son w plan
lè yo pa gen job
bòn ane micky m swete w pa jan m gen sousi sante
pou w al nan vila w la montrouis se jeff gwo lwa ba w pase
sou wout ou pataje meilleur voeux ak mikanò
gang ti savyen kokorat sanras si w pasе pa nan nò
bòn ane olivye mswetе pitit ou jwe foutbòl
ak pa lamòt m swete l rive nan yon stad poukòl
mande tonton w kiko st remy pou l bann on pas gòl
depi apre pwogram papa w la pa janm gen lekòl
bòn ane bodeau wilot merci pr les beau plan
m swete fanmi n pa janm nan kouri kite kay blan
santiman fandanman bòn ane hervé foucan
bon konba fondènèg fondèblan kare boukan
bòn ane mesye lanmbert menm lè m konnen son ka
kou youri, privert, belizaire
salim sucar
bòn ane braun, bigio, acra
deeb, abdallah
ak boulos nou dwe rete sherif gras ak delva
bòn ane chiler lwidò les 2 rony ak assad
cherisier ak mo revolisyon kòm fasad
mswete pwosperite
ak pwoteksyon anbasad
kouray poun sispann bay blan kou lalim sousad
bon lane rwa ariel litz kitèl cassy nènèl
m swete n pase bèl toujou jwenn on mamèl
pou fanmi nan florid ap benyen nan lèt ak myèl
lwen bandi k fin bwè florida k met fanmi pa m nan rèl
bòn ane michel andre m swete w pa gen anyen apaid
ede sektè prive w
n ap kanpe dèyè barikad nou
boukliye kontinye ba victor propane èd
m swete lanmò nou tout ak fanmi n pwan plis ke 100 jou
men mwen domaj moun p ap ka di m bòn ane
m ton inosan sèlman 11zan se lekòl ta pwale
on grenn bal youn nan nou nan lis la te finanse
sou wout matisan vin pèdi nan tèt mwen te voye m ale
Random Song Lyrics :
- akai - 品川南蛮 (shinagawa nanban) lyrics
- entro - powers pleasant lyrics
- fuck! - smooth money lyrics
- fúmate un puchito pa elevarla - kmino d jah lyrics
- snippet 14.09.24* - slavsmake lyrics
- drowning - the elephant (or) lyrics
- nota com nota - tuyo lyrics
- グッドな音楽を(guudo na ongaku wo) (romanized) - ねぐせ。(neguse.) lyrics
- live a lie - c 21 lyrics
- big heart 〜ミクロマンのテーマ〜 - folder lyrics