lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

l'apostat - k-lib mapou lyrics

Loading...

pandan m ap anrejistre album sa m reyalize ke m pat anyen
ke yon bann ide ke yo te fèm vale san yo pa menm tande avi mwen
kounya mdeside tout sa yo te kache pou mwen se yo mwen pwal manyen
pou kòmanse pa rele m black ou byen nwa kòm preteks pou dim pap anyen

kounya k*libr drop sou trap, konsa w pwal jwenn plizyè track
poum chire kèk paj nan istwa rap, men tout sak pwal pwan frap
anplis kilti ak sosyete sou album sa m kesyone 6 tèm
edikasyon relijyon anvirònman lanmou jistis politik sistèm

entèlektyèl pa definisyon se ret tann kras bav rich
m renye lide ke konesans dwe rete o sèvis moun chich
m pwan plis ke 30 an poum konpwann nan mwen sak ayisyen an
se pa menm pwan tan pou m wè si danl blan depi m rayi chyen an

men yon wa pami chyen, pa plis ke on chyen kay on wa
e menm si on chyen ta vin wa, se pa bon nonl yap met nan listwa
sou album sa mpwal rape verite m m expoze yo an pil gwo lo
m pote yo pi pre zye n anvan junior fèn wè yo rigolo

kesyone m kesyone
kèk ide
refize m refize
ke mwen t ap defann dan le pase
kesyone m kesyone
renye mwen renye…
m chanje…
vèsyon avanse…
mchanje (3fwa)
kounya mkanpe…
mrefize kwè m sonw rapè koz pi fò nan yo se soumi
mwen voye respè bay tout sa gras a li ksispann rete sou mi
sou mi ak baz m pat nan griyen dan
lekòl m te toujou ap bat poum te briyan
men lèm wè kiyès y ap remèt pri an
m regrèt ke mpat moun ki te fè plis bri an

m rayi politisyen sousou blan kap pale de chanjman paske se pou lavi yo sèlman
mrayi tèt mwen a fòs ke m renmen nou telman
m pwan tan poum renye lanmou jantiman
ou pa bezwen mandem pou m konvèti poum ale nan syèl, fan m fè m goute 7èm nan deja
ni mwen pa espere si mwen ta vle poum al nan lanfè, ayiti fè m konnen sa deja
pasyans anmè men yo di fwi li dous, anfèt mwen m pa konnen
paske nan jaden isit, pye bwa saa pa donnen

2 grenn ba saa yo se pou piti gasonm poul pa fè menm erè ak papal
filston!!!
pa kite yo di w tann tou pa w, moun ki devan w nan liy lan tou pwan plas pou fanmi l ki poko fèt
toujou kenbe tèt ou devan, machin kous pa gen retrovizè, tout vire tèt se defèt

m pwal rape tout verite m, pou tout lespri rigòl yo
m expoze yo pa pi lwen ke zye n, anvan junior fè nou wè yo rigolo

Random Song Lyrics :

Popular

Loading...