lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

88 bpm - malada lyrics

Loading...

pou trip ak love m kenbe mayk
tankou m t ap penn
nan chak ba m reyenvante m
tank on sekrè m te jwenn
mwen m kreye pwòp chimen m
tankou m te siyen tubman
leta vle lavi m yon echèk
m tounen magnus carlsen

m santi m pase anlè yè!

pou m byen m ateri
entèpele m
la m desann sou tè
prè pou n akeyi
dènye mc
tizè rap ka di sa sanble ak keri
m wè n ap peri
n konn byen fò n batay
nou g on sèl peyi

sou bit m ret fèm
88 bpm

lè m ap flo m met kè m
koz love ki mèt ke m
god tankou rakim
na w p ap ka make m
mwen m inik nan game nan
konsa w ka remake m

yo tizè men rap
mc men rap
dj men rap
brekè men rap

si w t ap tann men rap
branche kas ou men rap
tout volim men rap
malaaad men rap

back to the roots now
m kanp an black thought
sa k ap veye pou m tonbe mwen m ap tou fè dj*pòt
m p ap fè sal job
m dou w sa tòg
menm pou yon sak kòb

mwen m pito sal kòm
anndan m gen èn tankou x malcom
nèg fè brigad
pil bri bal
fè n toujou mal dòmi
leta s on sanwont
m ap toujou f on jan m mete nan bòl li
memwa l kout kou l fin enstale ki bliye pwòp pèp li k
pran lari pou mande jistis
li mande l sa l pèdi

mwen m pa di l pou fè rim
ni jis rape pou foli
m pa fè bit sa pou fò w ri m
ni monte sou li pou balling
men m
m boule m tou
montre m gen lirik tou
smart tou ki kirikou
bout pa bout

jan w vle l m ap bò w li

yòw
tan p ap kanpe
m ap kite tras avan m ale
bout layann
nati dread
yè kaya stil kou bòb
marley
m pa vin pale anpil
men fè anpil chak lè m rape
men mank kilti fè yo pran
underground mc pou rate

Random Song Lyrics :

Popular

Loading...