inivèsèl - malada lyrics
kou cesaire plis m nèg
plis m inivèsèl
yèp m ouvè kè m
m jwenn bon van
m pou m pouse zèl
pousyè zetwal
ki tonbe sou tè
ou panse n
ka etenn
enben
ou tonbe sou tèt
tankou kout loray
on zèklè tanpèt
k on pantè
n pouse grif
non n pa p pran baboukèt
nou se rèl nan silans
sa k san pawòl pou di
nwa senbòl fòs
enèji k fè w toudi
chimen trase
baryè louvri
sot afrik pase harlèm
rezistans sèl zouti
pou konbat segregasyon
yon jenerasyon
f on mouvman renesans
yon bèl selebrasyon
nou se limyè
anndan lannwit kolonyal
yon kri libète
nan chak son
chak vokal
yon kout lanbi k sonnen
dèyè mon n on lokal
kote tanbou frape
rasanbleman jeneral
***
yo vle n pèdi tèt nou
pou n pèdi rasin nou
pèdi bon sans nou
pou n ka pèdi konsyans nou
n ap pote pwa latè sou do n
sou po n
wi nou se nèg yes nou inivèsèl
ii
***
lavi nou s on rekèy
chak nègès s on pwezi
k ap mete souri sou lèv nou
se nan yo n pran m plezi
chak kout ri s on mèvèy
yo jis bèl san redi
m pa tann jou ni revèy
pou m ba n love san mezi
m s on eritye latè
m se pitit ayiti
kote n ap nouri lespwa
kot solèy gen pwòp site li
tè jan jak desalin
hm! lewòp pè site li
nèg vanyan
papa nasyon an
kolon te sible li
s on pèp ki
ouvè pòt li pou tout kote
pa tout kote l ale
yo byen trete l
yo mete l sou kote
akoz dirijan malpwòp
olye k defann
ki sou bote
tout l ti sa l genyen
kou l jwenn l posiblite ki tou bote
ale
ak tout fyète l kanmèm
listwa n anba po l
toujou sou kanpe tòf dò
lè pou l leve drapo l
n ap pote tout pwa latè
sou do n sou po n
wi nou se nèg
nègès nou inivèsèl !
‐***********
iii
1*trak sa pati k on bal
non! yon boulèt kanon
chout tou gòl nan kan advès la
kout pat manno sanon
gen nèg ki koulè chabon
men ki pote mas blan
m preche liberasyon mantal
kou frantz fanon
m plis rebèl kou malcom
men m respekte mandela
m plis nan chanjman radikal tankou
thomas sankara
ke trak sa fè chimen l
la kite tras pou lè m pala
li ka pran w sot ayiti
8*fè w ateri jis kanpala
anpasan gen fanm ki batay pou mande jistis
yo denonse inegalite kou angela davis
yo chita fè mond lan leve tankou paks rosa
fè talan tounen zam
make tan kou nina
nou bezwen plis fanm
jwe gwo wòl kou davis viola
oprah
lupita
yeah! fabienne colas
s on ras pote pwa latè
sou do l sou po l
wi nou se nèg yes nou
m di pawòl ki pa fè bri
men pito ki kit on tras
sa m pale ki pi chè yo
angwo pa kout on pyas
Random Song Lyrics :
- the descent - the chronicles of manimal and samara lyrics
- is this our generation - sparkling lyrics
- high and thriving - vincent draper lyrics
- on you - yaw faso lyrics
- não para - young fine lyrics
- kick yo door - 279tyler lyrics
- calles de s.d. - el de la guitarra lyrics
- comida - elza soares lyrics
- miracle man (remix) - aidyn howard-robinson lyrics
- pull up - khamari lyrics