lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

aprantisaj - malcolm ayiti lyrics

Loading...

yon jou yo di m pi gwo defo m se te wè sèlman kalite m yo
m blese nan panse fè byen e nan enpoze esans mwen
maladrès, fè m pa sispann mal parèt
m etranj, nan je menm sila pouki m te plis sakrifye m yo
men m s on moun, ki kwè ke n bezwen tout pou n fè youn
men konbyen k repwoche apwòch mwen fè sou koze miksite ?
kibò n prale san tolerans ?
yo te di m lespri m bòne
wi m ap chèche bonè, men avan m sonje lang ak dan mòde
genyen k di m twò fleksib koz, mwen m li nan tora, nan koran ak nan labib tou
men m chèche konprann plis ke m jije
se paske si lanmou g on baryè se pa t ap diferans, men prejije
gen lòt ki panse m panse sèlman a tèt mwen. men se egzajerasyon
m panse, panse ak mond lan plis te ka fè m rayi tèt mwen
epi… m paka bay sa m pa genyen
kòman m ap fè renmen on lòt, si m pa renmen tèt mwen ?
pa gen lanmou san moun. e moun yo pa pafè
donk, m ka di w lanmou jwenn tout sans li nan chak ti erè yo
si l bat a chak segond se pou banm on chans anplis pou m apresye
se pou l pa eklate k fè pou lòt m pa gen gwo kè
genyen k repwoche m pou jalouzi m
souvan m pale san rezèv, m pa toujou fè bon chwa yo lè m fas eprèv
men chak ban m on leson, m pa p efase prèv sa yo
sa yo k fè chak eksperyans ban m on dòz perèz
pou mwen viv dwe eksitan, pafwa ezitan
padon, si m doute sou menm sa k te evidan
lavi a s on lekòl e chak jou gen leson l pote
e mwen m pa sispann wè tèt mwen tankou yon etidyan
tout jijman n yo gen limit, si n kapte yo n a konprann youn konplete lòt
nou tout pa t fèt tou bon oubyen move moun
nou sèlman ka viv chak segond malgre kontrent yo
epi, kontinye pataje lanmou n
yon jou m aprann ke viv ansanm ap toujou gen konfli
mezantant s on bagay k antre nan nòmalite lavi
defo ak kalite anpil fwa relatif
s on jwèt pozisyon. sa k sibi jodi an, demen se li k ap reyaktif
nou se defo n, e paske san sa nou pyès pa t ap spesyal
nou se erè pyese, pèfeksyon fose k ap fòse fonse sou yon bekàn san pedal
li fasil pou n jije, si n vle avi m konnen pou mwen sa pa p janm yon kalite
e menm si pafwa defo yo konn fonn anndan kalite yo. petèt sa se pi bon deskripsyon ipokrit makiye yo
preferans konstwi nan limit sibjektivite n. e sa met etikèt sou chak grenn moun anndan yon sosyete
gen pran pozisyon epi gen asime
mwen m pa p pwonmennen kenn ilizyon nan reyalite m
nan tout sa, m pito rete jan m ye a
m ap aprann nan men defo m yo
m ap kontinye kase dan m si se pou m avanse
ye !
ant sa yo di ak sa nou kwè, gen modèl moun m ye a
ant preferans ak degou, m fòje karaktè m te vle a
m fyè de mwen, m renmen m plis, m aprann de fot yo deja
sajès se ja
m pa p rete la
kalamite yo ap wouze m
m pa t byen plante men m ap pouse
m pa kwè nan chans mwen m ap bouske
m konn kalite m paka doute
plis m konprann, plis m renmen m
plis n ap trayi m, plis m ap mwen menm
m fòje m ak sa m jwenn sou chimen m
anvi konnen an k ap mennen m
mwen m s on gèrye
pase m trase m ak sikatris
m fè lapè ak nanm mwen
m mete limyè a nan mwen
m miyò parapò ak yè
e jodi a m ka di nou m fyè
e paske, pi gwo pwofesè m se erè m

Random Song Lyrics :

Popular

Loading...