
generasyon - pedro lyricko lyrics
[pawòl de generasyon]
[entwo]
generasyon an, nou fè yon tou bis, ann boule jou a
94 !
[vès inik]
m te gen non mwen ekri anba pye m lè m te lekòl anglade
toyota hilux la balè wouze nazon, se pa t blag
generasyon an nou fè yon tou bis, an nou boule jou a
sa w konnen de sigarèt ak pat mantolè ?
(se pa sa)
generasyon l pèdi vijinite l epi l tou ansent
2004, m te vle yon 64 avèk k!ller instinct
premye fwa ke mwen te pran nan gaz, m pa t nan sètifika
alepòk don kato t ap bat elèv, se t an 2003
rockfam agoch
barickad adwat
pou yon mouchwa nan pòch
lapolis kanpe m, fouye m, pouse m, tout sa anplen chanmas
mwen te lekòl anténor firmin, m te sib elèv alpha
te gen rimè ke gen kidnapè ki te lekòl alpha
eske w konn depi kilè kamyonèt pa kanpe pou nou ?
pou sa lè n monte nou pa peye, pou sa m konn plake tou
eske w konn istwa elèv jean jacques ki te touye yon pwofesè ?
generasyon : “pap la ki mete n nan sa, se yon pwofesi”
se kay izo, ke anpil minè konnen sa k lavi gason
malerezman pou pifò nan yo, yo fè l move fason
mwen sonje tout kanpay legliz te fè pou n rayi vodou
ede pa temwanyaj “san rancune”, se te de vre voutou
mwen sonje lè yo t ap charye mwen paske mwen te twò nwa
po chabon, bouda chodyè, plake bòl, fènwa, eksetera
sa pa t janm vrèman touche m, malgre yo t ap rele m konsa
men lè yo te mete m deyò labeille, mwen te panse sa
papa m te konn frape mwen trè fò, se te vrèman bètyal
troma yo, menm si m ta dyaspora, rete san pou san lokal
mwen konn yon papa k koupe dwèt pitit li pou l pa vòlè
yon manman k ap tate pitit fi l paske l fè l twò bònè
mwen konn yon manman k te bat pitit li pou l pran yon granmoun
generasyon, depi w pase 9yèm zanmi ou granmoun
generasyon rap ou chansonèt, nou pa t twò fan konpa
paske lèt la te genyen twòp kafe, e n pa t gen kòb pou bal
generasyon pa janm prete paran w lajan, l pa p remèt
se tankou politisyen ak bwat leta, ou ka fè pèt
generasyon amiot métayer, 2pac ak billy
generasyon k te panse sa tap chanje ak aristide
94 !
generasyon an nou f’on tou bis, an nou boule jou a
generasyon l pèdi vijinite l epi l tou ansent
generasyon an nou f’on tou bis, an nou boule jou a
generasyon : “pap la ki mete nou nan sa, s on pwofesi”
generasyon k te panse sa tap chanje ak aristide
Random Song Lyrics :
- my type - devvon terrell lyrics
- rudolph - dani serene lyrics
- now you know me - steve gibbons band lyrics
- former love - mit mj rips lyrics
- fairest lord jesus - glad lyrics
- plans of salvation - asakhe nojoko lyrics
- безответственна (irresponsible) - somesleep lyrics
- charlie sheen - elfi lyrics
- melodino 39285107// - sano (ita) lyrics
- catch my drift - selah sue lyrics