
mouin mache (18k mj) - rodlin pierre lyrics
mouin mache nan yon dur chemin,
pèsonn pa ban-m sekou,
fado mouin dekouraje mouin
li sanble tèlman lou,
mouin plingnen devan jezu:
ʺmoun yo pa gen amouʺ
epi li reponn
mouin ak vwa si dous:
ʺmouin te bouke mouin minm touʺ
lè sou kalvè m-mache,
koua mouin te vini si lou
mouin fini pa tonbe
kretyin se pou ou fidèl,
repo ou pa two louin,
pran koua ou, non,
e mache avèk mouin, ʺ
souvan mouin vante tèt mouin,
m-di: ʺmouin fè gran sèvis,
e pou-m suiv nan le bon chemin
m-fè gran sakrifis.
mouin renonse si bèl bag-y
pou-m vini disip krisʺ
pui, m-tande-l reponn
mouin ak voua byen tris:
ʺmouin kite bèl la gloua,
mouin renonse-l ak joua,
le monn pa resevoua mouin,
yo kloue-m sou gnou koua.
ou-minm kab fè chemin-an
ak min ou nan min mouin,
pran koua ou, non,
e mache avek mouin.ʺ
koun-yè a, jezu, m-vle suiv ou
avek umilite,
e si-m bezouin mouri pou ou
min sa-a pap janm peye
tout lanmou ou san mezi
ke lamò ou montre-mʺ
ak voua byin dous
li reponn, li mande-m
ʺsi se seulman ti vè dlo
mouin ou vle ou bay pou mouin,
ou byin, pote gro fado
ki peze jouk la fin,
minm si m-bezouin ou soufri
e mouri pou mouin touʺ
ʺjezu, ma pran koua mouin,
ma fè-l pou ou! ʺ
Random Song Lyrics :
- jafar - jorrdee lyrics
- vitória dobrada - professor gb lyrics
- escríbeme - selena lyrics
- cargo - puggach lyrics
- my last words - no return lyrics
- love every day - boyce & hart lyrics
- dishes - nikesha briscoe lyrics
- you & me - ben kelly lyrics
- i'm in it (freestyle lyrics) - kanye west lyrics
- 找對的人 (live in hong kong 2021/22) - 張敬軒 (hins cheung) lyrics