
padon - tafa mi-soleil lyrics
[ kouplè 1 ]
m kite lògèy fin kouvri m
sa fè
m di m pa gen anyen
pou repwoche mwen
men lè mwen chita nan fènwa
m pou kò m
m konnen se pa sèl ou ki gen tò
ooooooooooooo
kisa m t a bay
pou panse tout, tout vye maleng nou yo
o! kisa m t a bay
pou simen flè sou jou doulè ou yo
[ refren ]
padon pou pwomès
mwen pa t janm dwe fè
padon pou lanmou nou
mwen sal ak fènwè
[ kouplè 2 ]
sa fou jan m pèdi yon pati nan mwen
nan fè betiz
san rive mete mwen
nan plas ou
m pa janm fè w eskiz ou p ap kase tèt tounen
men sa pa grav
m pa merite ou nonplus
ooooooooooooo
kisa m t a bay
pou panse tout, tout vye maleng nou yo
o! kisa m t a bay
pou simen flè sou jou doulè ou yo
[ refren ]
padon pou pwomès
mwen pa t janm dwe fè
padon pou lanmou nou
mwen sal ak fènwè
Random Song Lyrics :
- b.m.f. - hoodrich pablo juan lyrics
- hvor lang tid har jeg? - amara lyrics
- hit it from the back - hoodrich pablo juan lyrics
- ding dong - bremmy lyrics
- no more - ynw melly lyrics
- dinner time - g herbo lyrics
- wenn man nichts mehr vermisst - clara louise lyrics
- hobby hobby - mero lyrics
- mony powr rspt shit - hoodrich pablo juan lyrics
- authentics - duckwrth lyrics