
crush la - vanessa désiré lyrics
chak jou m ap gade w k ap pase
m anvi apwoche w pou n pale
men m pa janm ka oze
se nan foto w m etenize m
ouh, ouh, ouhh!
le m fin like yo fòk mwen zoom
e mwen se premye moun
k ap komante, e m kontante m de
rete lwen w
m konn imajine
imajine ke se pou mwen ou ye
ki janm t ap trete w
m t ap byen pran swen w, m pa t ap janm fè w kriye
non, p ap janm kite lòt je gade w
tankou yon bebe, mwen t ap bèse w
mwen t ap make sure w toujou ere
kou yon bijou presye
m pa vle pèdi mwen t ap kache w
baby, ou se crush la
tout rèv mwen se pou m genyen crush sa
konnen ke w se crush la
chak jou m leve m admire w
ou toujou nan tet mwen
pi gwo tizè w se mwen
pou jan w domine mwen, ou te dwe pou mwen
avè w, m vle pi pwòch la
sonje g on moun k ap tann ou
(konnen ke w se crush la) yow! chak lè m wè w
m anvi abòde w pou m di w koman m feel
men m bloke, pa gen kouraj pou m jwenn kòman m fè l
kè m se pou ou, men si sèlman m ta jwenn yon jan ofri l
pou gen resipwosite, pou n fizyone, pou nou vin kòm on sèl
men m ap gade san touche, fantasme san kouche
ou dwe m, men w pa konnen, m oblije rete san touche
ou gen tit madanm san mouche
ou pa pou mwen, men m jalou lè m wè w ak lòt nèg, san m bouche
epoutan m p ap pale, lè m kwaze w, bouch mwen plen dlo
m pa ka oze (m pa kapab)
chak m ouvè dm, men m pa ka koze (m pa kapab)
m ap admire w de lwen, m pa konn sa w panse de mwen
m konsyan m obsede, men m pa ka poze (m pa kapab)
baby, ou se crush la
m ap tann cupidon aji pou nou lye tanpri lanmou sonnen klòch la
si gen resipwosite, pa gad sou mwen
just voye premye woch la
dèfwa m rete m santi m ta mennaj ou (m santi m ta mennaj ou)
dèfwa m rete m santi m ta mennaj ou (se avè w m ta damou, bebe)
dèfwa m rete m santi m ta mennaj ou (ta mennaj ou, baby, bae)
si gen resipwosite, pa gad sou mwen
just voye premye wòch la
baby, ou se crush la
tout rèv mwen se pou m genyen crush sa
konnen ke w se crush la
chak joum leve m admire w
ou toujou nan tèt mwen, pi gwo tizè w se mwen
ou domine mwen, ou te dwe pou mwen
avè w, m vle pi pwòch la
sonje g on moun k ap tann ou
konnen ke w se crush la
Random Song Lyrics :
- melancolia - caravan palace lyrics
- look like caramel - splash daddy lyrics
- wanna know my mind - smokey robinson lyrics
- volcanic magicians - dark plug (rap group) lyrics
- too much sauce (freestyle) - wrekonize lyrics
- dark come soon - trashique (grimes x hana) lyrics
- disrespect ii - profit lyrics
- with you - kevin oh lyrics
- 고백해요 - acoustic collabo lyrics
- workin' on a groove - jody watley lyrics