
èf o aksanfòs ès (intro) - vanessa désiré lyrics
pote feblès mwen bay lavi
se pat janm sa m te dezire
m prefere pataje bèl vibrasyon avi
san mezire
move tan vante anba wòb mwen
m kanpe tennfas
èf o aksanfòs ès! m tankou atlas
vibrasyon m pa gen limit
wa di se van k ap kouri sou dlo
rim k ap kouri sou flow
bèl beat gwo bibit
m satire ak pozitivite
m se yon van e sa a
pèson p ap jan konprann li
si li pa yon vrè fan
san fòse, m ranfòse talan m
pou m defonse obstak
lè lavi kouche pou takle m
m kanpe rèd kou ke makak
plis w ap make m, plis m ap make pwen
m pa vin la a pou m jwe kwen
rèn chantrèl tout mitan bann
m fè yo tounen won pwen
èf o aksanfòs ès
repetе l ankò
èf o aksanfòs ès
vanessa vin pi dezire
èf o aksanfòs ès
sе entwodiksyon yon albòm
sou rezo sosyal
kòment ak vèk like pou n al ban m
Random Song Lyrics :
- i-flex - lyricalcing lyrics
- cruz del sur - me darás mil hijos lyrics
- el último vals - la oreja de van gogh lyrics
- metal and wood - tyrone wells lyrics
- gal turn me on - bounty killer lyrics
- with it - honey gold lyrics
- meine liebe ist rot - weissglut lyrics
- nest of the cuckoo bird - the cramps lyrics
- dreams - erin "syd" sidney lyrics
- la devise du cabaretier - claude-michel schönberg lyrics