lirik lagu premye pitit – 2senk
[refren]
manman douvan pwoblèm ou toujou di mwen tchenbe fò
mè ou la ka fatige kò w
sa se pa efò w ankò
ou pa pliye
pa janmen kase
ou di mwen i bon,depi i pase
anh anh anh…..
mè ba nou, nou ja fè ase
[verse 1]
a 20 an manman m fè m li pa t menm asire
kay moun nou t ap domi pa t gen kote pou n abite
fanmi an la sou yo l pa t menm bezwen mize
fè bonè m se sa l te vle li lite pou n sot nan mizè
pa t gen posiblite l t ap chache fè ti bras
gwo djòb yo pa t fèt pou li èske paske l pa t fè gwo klas
aprè lanmò papa m sèl sa k t rete
pou mwen yon chanm kay men ki p at men m ka separe
vin jwenn samuel antre nan vi n ki vle ede n
li fè djòb mekanik nan mizè a pou l retire n
men m pa t gad sa gwo m brize kè man m ak neglijans mwen
di m tounen lekol e sèl mwayen m ka jwenn chans mwen….
[refren]
manman douvan pwoblèm ou toujou di mwen tchenbe fò
mè ou la ka fatige kò w
sa se pa efò w ankò
ou pa pliye
pa janmen kase
ou di mwen i bon,depi i pase
anh anh anh…..
mè ba nou, nou ja fè ase
[verse 2]
m te di l mwayen l p ap pèmèt li fè sa ankò
m te di l kite doune ale m p ap jwenn tan pou m ranplase le tan
e pe enpot menm si devan l m konnen m antò
m te di l kite m fè rap menm si se pa sa l gen pou mwen kòm plan
kite vilaj la pa swiv papa m si non m ap bandi
panse m tap vin byen lavi p ap di w san w pa atann l ap aji
fè efò mache dwat menm jan ak stanley poum pa pèdi
man si m pa fè w promès se paske m pè pou m pa reyisi
m pa fè anyen pou w ban m manje ou mare pen
m se premye pitit man mwen pa itil anyen
m ta vle fè nenpot djòb sante m p ap pèmèt mwen
m kite lekòl m pa kite lavi m gen randevou ak desten
[refren]
manman douvan pwoblèm ou toujou di mwen tchenbe fò
mè ou la ka fatige kò w
sa se pa efò w ankò
ou pa pliye
pa janmen kase
ou di mwen i bon,depi i pase
anh anh anh…..
mè ba nou, nou ja fè ase
[verse 3]
youn nan pigwo malè m se sou do kay m sot tonbe
blòk tonbe sou pye m m te ka menm andikape
aprè m vin devlope on pakèt maladi
2012 manke mouri pa t menm kob pou on terapi
m fè 2 s*m*nn kouche m p at menm ka leve tèt mwen
poze sansi sou pye m e tou san t ap monte nan tèt mwen
ret kouche la manman m t ap panse pou sèkèy
rele lot yo l p ap antere m isit men ernst pral fèl pot dèy
apèn antre nan lise a men m pran kabann
m te menm ofanse bondye pou sa k rive an m p at konprann
menm m pa t gen lot opsyon m te priye l pou l fè m gras
ke volonte l fèt se nou chak k ap viv pou nou lanmò g pn plas
[refren]
manman douvan pwoblèm ou toujou di mwen tchenbe fò
mè ou la ka fatige kò w
sa se pa efò w ankò
ou pa pliye
pa janmen kase
ou di mwen i bon,depi i pase
anh anh anh…..
mè ba nou, nou ja fè ase
lirik lagu lainnya :
- kumpulan lirik lagu yukika pat lok › lirik lagu 그라데이션 (the moment) – yukika & pat lok
- kumpulan lirik lagu deala › lirik lagu today was a dope day – deala
- kumpulan lirik lagu tommy shaw › lirik lagu how should i feel? – tommy shaw
- kumpulan lirik lagu the four tops › lirik lagu on the street where you live (1967 version) – the four tops
- kumpulan lirik lagu dragobrath › lirik lagu crimson leaves dance – dragobrath
- kumpulan lirik lagu greemlock2piece › lirik lagu breaking bad – greemlock2piece
- kumpulan lirik lagu fred eaglesmith › lirik lagu why darling why – fred eaglesmith
- kumpulan lirik lagu the go team › lirik lagu i loved you better – the go! team
- kumpulan lirik lagu bearded legend › lirik lagu i don’t care – bearded legend
- kumpulan lirik lagu yamorfey see d › lirik lagu late night – yamorfey, see d