lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu poukisa poum vote? – alcol

Loading...

verse i–
poukisa poum vote si anyen pa janm chanje a chak fwa?
gen de fwa mdi tèt mwen a kisa sa ap sèvim sim gen lafwa?!
peyi sa a bezwon mirak, li gen twòp aktè, miracle de la fois
mkonn ap di tèt mwen, poukisam pa natiralize wi pafwa
yo ddin vote chanjman a chak fwa yap chanje gouvènman
pèp la ap rele anmwey ou pa ta di on bann kannannan
on bann san manman, sou do kolon blan
yo pito lage chay mizè, rasis! malfektè a nan san nou
antann nou
nou vole lougawou tankou grandou
plenyen grangou
men djab nap bay manje
manje timoun moun detanzantann na fout deranje
nan ki ayopò peyi sa a, ap fout dekole
wil dekole, li dekole paj nan liv konstitisyon an, papye twalèt li ye
poukisa poum vote? (x2)

sa poum vote la a?
moun sa yo mwè la a wi
anvan eleksyon yo mi lari
a te pi pwòp
nou sal pwòp
tèt nou! nou panse demokrasi, se sán gen
pandan yap ba nou kakistokrasi, nou son pil tenten sitwayen

chorus–
eleksyon se pou vòlè
eleksyon se pou blofè
eleksyon se pou tafyatè
eleksyon se pou ransè

poukisa poum vote? (x4)

eleksyon se pou aslè
eleksyon se pou atoufè
eleksyon se pou aktè
elesksyon se pou raketè

poukisa poum vote? (x4)

verse ii–
mfatige tande diskou
son kesyon de banm fon ti kou
ou fè 5an kounya a tou pam
si ou pa vlel eh benl tou pam
sa wap di la?v mpap desann
chèz sa a twò dous tande zanmanm
mpa konn siw te la anvanm
pèp la grangou? dil kase zanmann
se mwen ki chèf, mèt e seyè, kès leta e li ki bous mwen
metem atè ou mèt eseye, wè se sa vin vin pete bouch mwen
pa gen manti, chen anraje toujou gen pouvwa
otes toi de là que je m’y mette, men kijan pou vwa
pèp la soti lèn kontwole menm radyo?
peyi a toutouni paske gouvènman pran tout rad yo
dozado nou ye poun met grafiti fas a fas nan mi
mkwè ayiti son ti san fanmi
on bèl ti fanm nan on bòdèl ki fè tout moun bezwen pran li
anh li pa posib poun bay sak ka fè yo fè?
pou bag-y yo chanje èske moblije al kay kwafè?
si gen lapè an verite mpanse map renmen ayiti
kòman poun jwenn respè si ak agranman sa yo nou an afè

chorus–
eleksyon se pou vòlè
eleksyon se pou blofè
eleksyon se pou tafyatè
eleksyon se pou ransè

poukisa poum vote? (x4)

eleksyon se pou aslè
eleksyon se pou atoufè
eleksyon se pou aktè
elesksyon se pou raketè

poukisa poum vote? (x4)

outro–
nan peyi sa a, yo pa fè eleksyon, yo fè seleksyon..
gad jan vès la chita byen sou moun kap dim al fè devwa sitwayen an non!
si chen pa palen e poul pa koze a chat wi! bon tem din, nou panse nou ka fè bon chwa a lè yo gentan chwazi pou nou?
kakistokrasi!! kakistokrasi, son fòm gouvènman kote se pi vye moun yo kap dirije

poum ta sal dwèt mwen
fòk yo ta pwòpte lari a..
sim ta prezidan, mtap fout tout moun on pwazon ki pou tiye jèn ayisyen ki nan nou an..
bann enbesil! bann kakistokrat..
al sal dwèt nou non

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...