lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu pi bon zanmi mwen – anie alerte

Loading...

verse 1]
m konn ap veye granmoun ki chita ap pale
de zanmitay nan le pase ke jodi a y ap chèche
mwen konn tande moun k ap di ke lanmitye
de nos jour pa janm dire gen sak di l pa egziste
men lè m gade mwen avè w tout sa nou pataje
m pran diksyonè an mwen pou m chèche
m pa wè lòt sa w te ka ye

[refrain]
ou se solèy nan lajounen mwen
bel linn zetwal nan lannwit mwen
ou se lapli lè sechrès mwen
ou seee
ou se sèl nan manje m
enkanasyon bondye nan je m
batman kè mwen
wi ou se pi bon zanmi mwеn

[verse 2]
si w byen gade w ap wè se sa k pa mankе
nan fon kè w si w byen chèche w ap jwenn youn kite kache
sa konn rive kè n gen kont fè ti fache
fè kèk tan sann pa pale menn toujou rekonsilye
koz lè n gade mwen avè w tout sa nou pataje
nou pa t ap janm ka imajine ke’n genyen pou n separe
[refrain]

[bridge]
ou konn sa m vle lè m pa mande
ou konn sa m panse sanm pa pale
lè m bezwen’w ou pa janm twò lwen ou pran defans mwen
ou konn janm ye lè m pa kontan
suporte m nan move moman m yo
ou voye je w sou mwen detanzantan

[refrain]

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...