lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu born 2 win – barikad crew bc

Loading...

[fantom]
s on bag*y mwen kòmanse mwen pap lache
mwen gonfle ponyèt mwen nan figi sistèm nan m ap flache
e s on bag*y mwen gen lakay mwen mwen pat al achte
yon bout move kon kong mwen se kontrè tout sak lachte
lontan m te gon pè tenis pye m te santi mayas
ak de nesans mwen te danyèl lari te rele m payas
yo trete m nèg sal men sal pou sosyete mwen pat gen plas
mwen kenbe diyite m fyète m kounya tout moun vle wè m anfas
mwen vin prеmye lo sak jwe bingo se sou mwеn yo fè miz
mwen montre sam vo sak vize wo sou mwen vle met anpriz
yo pat konnen ni m pat plenyen men lè mwen pat gen anyen
sa m te konnen yo pat konnen mwen te fèt pou mwen genyen
vin gen rezon devan kras paske m gen lanmou pou dlo
gen 4 sezon gen 4 fas m vin pi granmou vin pi gwo
devan sa k t ap souzestime m ni sak t ap teke pye m
sila yo k te vle avegle eklate tout sa k te vle bloke m
mwen eklate

[refrain by marco]
i was born 2 win

[bricks]
dat m fèt se 3
zòn m fèt se mas la
m fèt san papa
se aprè l rekonèt shotta
menm misye wè m s on kòb vèt
depi m bebe m pwomèt
vire a laj de 3 zan yon ti val pa vle wè pwòp tèt
apè sa tout sa m te fè lè m te briye
m se nèg k abitye pase lekòl san menm etidye
tout sa m ap fè m lage m ladann
e ceci san mezire m fout fò nan tout (nèt)
bondye wè se sa m merite
moman antèman te tcheke m li gade m li souri
dekourajman vin tcheke m li jis wè m li kouri
lè chanmbalan vle dejwe m yo tout wè m pi pouri
yon malpalan k denigre m yo te prèt pou mouri
se pou m moutre w se pa chans ki fè m la vre
se pa koutwazi non big man ki fè m sa m ye (tonnè)
se bondye ki wè se mwen ka pote l (kòd la)
bricks is the winner loser chita kopye l
[refrain by marco]
i was born 2 win

[izolan]
a 19 an m te deside pou m fè street
fanmi m pat janm dakò yo di m son manje k pot ko kwit
(mwen t’al twò vit)
pat gen pwoblèm anndan kay la pou m ret grangou
menm te toujou ap panse kisa demen mwen ap devni
(pat gen avni)
mank parenaj fèm pa janm nan yon gwo lekòl
edikasyon familyal mwen fè m kenbe yon pwotokòl
(mwen pat pran dròg non)
tenis nan pye m konn fache jiskaske l boude
men m pat ka mete l poze paske m pat gen lòt pou m woule
(m konn reziye m)
jean ki sou mwen m bay kou jiskaske l chire
vye pantalon bay sou talon m nan defwa tou li konn fisire
m se sèl nèg mizè kenbe men men m pat fè figi m fennen
menm lè li konn pran mwen a gagann
m konnen yon jou l t ap banm legen
gade kounya wout la trase pou mwen
ansanm ak barikad le mond antye fikse sou mwen
(m te vize lwen)
bondye pou mwen m toujou kwe nan lapriyè
mwen fin venk etap fè nwa yo men kounya mwen nan limyè
[refrain by marco]
i was born 2 win

[brital]
brital brital
m ap reve jamè m fleri
se tankou sa te predi
a bouch mwen m pote plezi
laj mwen sa m fè moun yo sezi
depi ou tande vwa m ou frik
tèlman fè devwa mwen strik
sou mwen ou pap menm ka pot kritik
tout sam fè banm fanatik
brital kap bay panik
toto w konnen m gen full teknik
pou m chanje pwoblemantik sistèm nan map grennen lirik
mwen trè dinamik
mwen s on sous enèjetik
mwen se desandan lafrik
men m g on pase istorik
mwen s on etwal kap briye gwo midi nan pòtoprens lan
se depi m fèt ak maji m reflechi m viv tankou prens lan
mèsi granmèt ap ban m pwisans lan poum travay an plen tan
desten m predi, tout enpòtans yo fè m kanpe san krent lan
tout moun konn valè m, solisyon tout pwoblèm
brital sonw anblèm toujou pote gwo powèm
chak jou m gen plis enpòtans nan je yo
tout sa k ap pale m tande yo
paske m toujou chofe yo
fè m chon fle yo map pote yo

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...