lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu goumen pou sa w kwè – barikad crew bc

Loading...

pou w viv, fò w lite. lite jiskaske souf ou koupe. obstak ka fè w kilbite. men si w gen volonte, ou pap tonbe. ret kanpe ! kanpe ! kounye a li lè pou w goumen pou sa w kwè

[master sun]
ou konprann ou panse ak l’avenir
lavi g on sètenn… pafwa ki lèd tankou on pakoti
si w ap gad kote w soti w ap wè l parèt sonb
…se pa onb
paske kwè nan tèt pa w se kraze tonb
pou demen nan sa w kwè a pou w eklate tankou bonm
paske sa chat konnen rat konnen, pa di ke ou pat konnen
pou sa w t ap goumen an se yon lit ke ou t ap mennen

[dejavu]
n bat dlo n fè l tounnen bè e n kwè n goumen pou fè lit la miltipliye
nan fè kole pyesе pou n drop, kenbe pou n sispann pyetinе
avèk anpil prensip, kouraj tèt kana monte tab
disiplin detèminasyon, n franchi yon lòt etap
rete soude kwè nan mouvman an
menm jan allah pou mizilman an
rete sou…kwè nan moman
menm jan wa va fèl mistikman
m kwè lapriyè pa gen chèn li pa kase, vye frè m
ak…pa gen èn li pa trase

[izolan]
nan sa w wè w ap lite a se ladan l w ap reyisi a
menm si w wè w ap kilbite jou pa w la gen pou l rive
jan fanmi m te konsevwa m nan lavi a se pa konsa m viv
nan projects la m te sipoze ale legliz
men pou mwen ret andan kay pat yon tease
gen pretansyon na vi sa, pa stil pa m
defann dwa m ranpli, devwa m se pwòp chwa m
apre prizon m te pran pou game nan gen moun ki te panse mwen t ap vag n*gga
men tout pasyon m se pou rap m ap toujou drop frero
[brital]
si w koute presyon lavi l ap fò w fè bak
pou progresyon pa w la fò w fè sak – ki pozitif
ou bezwen bay gòl man, fò w fè tak
konsa w gen pou w wè rèv ou fè enpak
plante nan bon sezon, devan pou w rekòlte rezon
travay di ka louvri pòt yon lòt orizon
pinga w abandone, anyen pa di tèt ou koupe
jan w te fèt la, se pa konsa w prale

[k*tafal]
aaa ! ha ! batay la di. w anfas anpil gwo enmi. kisa w ap fè ? w ap abandone oubyen w ap reziste ? kisa w ap fè !?

[fantom]
ou fè tout viv ou t ap mennen yon pèpetyèl lit
anfen w brebi, ou monte nenpot pyè w te fit
kit moun t ap riw ou ret femen w pa janm aji vit
sak fè plis bri ou konnen se yon tono vid
ou te kwè ke se jou pa w la ki pot ko rive
ou te kwè zetwal pa w la yon jou te gen pou l briye
ou te kwè tout sa w antreprann nèt te gen pou mache
ou te kwè pa gen moun ki ka fè si l pat konn sa l vle

[bricks]
menm jan pou kay la monte fò w poze plizye blòk
pou peyi a tranble bc chofe nan plizye blòk
pou vizyon m man m pa kwè ke gen meyè ke mwen
but misyon m pou manman m fò w ta yon enjenyè demen
se pa fòt mwen si san m mele ak rap tankou se fanm ak nèg
gen anpil fwa m te vle bay vag men gen kèk bon patnè
ki pale avè m pou m ret soude ak rap
san èn nan kè m mwen te goumen jis pou m prouve sak laaa
[dade]
malgre jan sa di pou mwen m pat janm kite don m aladriv, non m aladriv
donk tout sa m te ekri anba bouch, m mete yo tout alabri
m ap fè w konnen gen lwa k fèt pou ofanse
goumen pou sa w kwè, panche vè ou jistan dwa a ap reseye
nou sezi yon ofrann yo pa ofri n, nan figi tout moun
ki pa fè ri tout moun, non, ki pa fè ri tout moun
m avize w n*gga sa w wè la poko janm tout nou
fò w met flè atè lè n ap pase pouw akeyi n nan wout nou

[k*tafal]
sila ki pa n ba n ospitalite san pa nwi (yo pa nwi!)

nou pat janm nan sa se pa n
nou te konn separe tout bag*y ak frè n san di fout
depi w te bezw on goud se pran l san oken dout
gade jan l ye a w ap wè chak moun te wa nan peyi l
ki gen devwa lite jouk sa kaba pou l pa an peril
kout kanno ka tire, chapo tonbe, chwal la bite de pye devan
ou pa gen dwa lesetonbe. en avant !!

non ! pa gen gad dèyè. fè sa w dwe fè. e pa bliye : linyon fè lafòs ! an n di ak anpil fòs :
kondagana : si linite te pèmèt ayiti libere…
k*tafal : nou barikad …
dejavu : nou jire pou n toujou ret soude
izolan : e nou kwè se nan travay…
dade : non, nan batay !…
fantom : ke n a chanje figi lakay
master sun : se devwa n pou n goumen pandan lavi nou…
bricks : ak tèt frèt, san bliye rasin nou…
………: se pou sa…
brital : nou drese barikad…
young cliff: kont tout barikad!
[kondagana] (2x)
goumen pou sa w kwè s on devwa, e an menm tan li se yon dwa
men avantou, n pa gen lechwa. goumen pou n sòti nan fè nwa
(3x )ansanm ya wè n pot laviktwa

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...