lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu mèsi – barikad crew bc

Loading...

izolan]
m ap di mèsi a tout fan barikad crew yo
(tout) kote n pase, n toujou prè pou nou bat bravo
gade kijan pèp la kwè nan koulè wouj la
paske se avè l yo prezante yo se bc a
san nou barikad pa t ap anyen
se nou menm ki defansè n ki fè jodia n ka ap mennen
respè pou tout moun ki sipòte m
menm jan ak manman, madanm mwen k toujou la pou proteje m

[dejavu]
a tout seigneur tout honneur nou di mèsi
trak sa n batize l kòm yon kado ki pa gen pri
e ki vo plis ke lò ak dyaman
yon melodram qu’il faut pou prouve love ak pasyon
pouvwa nèg anlèa kte toujou gide n
sa n pa wè yo, sentespri a k te toujou klere n (ayibobooo!)
mwen dejavu, papa m te di manman m jete m
sèl regrè m gen nan vi m, jounen jodi manman m pa jwi

[bricks]
nan kèm m enskri non tout fan mwen yo
nèg k ap banm respè, medam k ap ban mwen bo: muuuah!
manman m di m lè yo ban m fòm remèsye
bondye ban m talan e kounye a s on respè m ye
kòkòt, lavi, chalè dife pa fò w pè
believe avè w m ap genyen match la l te mèt pa fòfè
konnen m pap ka site tout non ki bay love a bricks
men depi w fè sa, nan kè m m ap di w love and peace

refren [kondagana & marco]
nou di mèsi
a tout moun ki te ede n yo
n ap di mèsi
ak fanmi, tout zanmi ki te la pou gide n yo
yon gran mèsi
granmèt la e tout sa n pa wè yo
n ap di mèsi

[brital]
lord ou se premye moun ki merite mèsi
paske pa konpasyon w nou benefisye lavi
tout moun ki konn bann bourad nan yon sans oubyen n on lòt
nou pa pè swe nan chemiz ou pou nou, nou pa pè ba w yon lòt
paran, nan tèt nou ou merite anpil mèsi (mèsi manman !)
men nan kè nou anpil mèsi pa sifi
paske w te gen sousi avni nou pou w defann
kounyea m konprann poukisa w te machann

[k*tafal]
lè yo gade w tankou tout sak pa bon
soukonn fatra ki mare nan sache
mizè w plis ke pa yon sak chabon (men sak chabon!)
moun ki louvri pou ou a s on zache
m pa wè ak ki nen, ki non, kilè? di m non
ke m disparèt pou bon, jou m ta di rekonesans se lachte
ou ki manm mwen, fan mwen, fanm mwen, fame mwen
m ap di mèsi li kte toujou la pou defann mwen
[fantom]
jodi a m ajenou pou mwen mande w padon
koz ou t ap mouri dènye fwa mwen te pran prizon
ou se manm enferyè m, siperyè m menm lè sa pa bon
mèsi manman ! ou wè pou siksè m se ou ki te kò m gidon
menm lè l fè nwa ou toujou la kò m balèn
si w ta mouri san w pa janm konn sa, sa t ap fè m lapèn
chleubeups, madanm mwen, manman m nou se bout souf mwen
sa m pa di pa fè jalouzi nou tout la nan kè mwen

refren [kondagana & marco]

[master sun]
menm si devan n mta ajenou mpa kwè gen vokab k egziste
pou m kapab di kisa n ye
nou se tout byen m
si lavi ta efase n m deja …
nou ta dwe imotèl, m ta gon proteksyon etènèl
konsa vi m pa t ap janm blèm
e n tap toujou nan kè m
m di mèsi paske n konsidere m tank on bebe
si n pat egziste m pa konnen kisa m ta ye

[young cliff]
premyèman m ap remèsye bondye paske m vivan
pou kouraj li ban mwen, fè m espere yon bon demen
lè m bite li toujou lonje men ban mwen pou mpa tonbe
e se pi gwo erè m tap fè, antanke yon star superbe
pou mta fini flo sa poum pa di manmi, papi ti mo sa:
mèsi ! mèsi ! mèsi !
e m pap sispann di nou mèsi
pou lanmou, afeksyon, edikasyon ke nou te ban mwen
[marco]
mizik sa se pou tout dj, tele ak tout radyo
se yon fason pou n di mèsi pou sipò yo
fanmi, zanmi ki te ede n yon kout chapo pou yo
kondagana ede m chante paske refren sa se pou yo

refren [kondagana & marco]

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...