lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu virus – barikad crew bc

Loading...

[bricks]
wiiii! flash flash g on danje nan peyi a
viris k ap pwopaje k pi danje ke vih
m ap fè konnen ak tout akize
lè w pran l li fè w fou atansyon li pa dire
maladi sa rele barikad man
lè moun pran l pyès doktè pap bali vaksen
koz pou antidòt pyès moun pa genyen l
e menm si w antiblood si w atake w ap renmen l (shata)

[master sun]
se fight talan n bourad yo nou se devwa nou
mete hipop kreyol sou dlo tankou vwa l
se nan optik sa fè barikad crew defann
dwa n
e sèl mouvman sa jèn yo genyen kòm pòt vwa
se chwa n pou nou kondane pou n pa fè back
e se glwa n nap rete soude devan tout obstak
nou di n ap figth san pa fè bag*y sal
n ap kenbe l tight nan fè travay mantal

[brital]

se li k ap domine w
sa pa jwèt domino
li ka korije w
li ka kabolize w
se li ki fè nou kwè nou fò еpi ki fè
atak yo nan sèvo w dabò(yeah)
toujou anba je w kite nasyon pansе w flo nou pou montre w
rap nou vinn pi danble
west point ka degrade w bat men w
pow pow pow
[refren: marco]

ayisyen bc di n kontinye goumen
pou sa nou kwè pou dwa nou respekte
nou fyè nou konn ki sa nou ye
hipop kreyòl la s on virus kite bc pwopaje
e li se limyè a
e se ladan l nou tout kwè a
bc fyète jenés la se li k fè pase mesaj la
mouvman sekwe tout peyi a
bpc santral la se li k lage virus sa

[young clif]
chak moun k ap brase lide gen yon bag*y nan brain nan
kounya se jou pa m nan k rive mwen s on respè nan gang nan
track sa gen yon entansite l elektrize tout plèn nan
m kwè nou a va respekte l paske se menm noumenm nan
se nou k atis penso n nan men n nou ba l koulè nou vle
se yon virus se sèl noumenm tou ki kapab trete l
atouka kris ta banm talan sa m ap byen pwofite l
bc epidemi de jou an jou l ap kontamine w

[fantom]
nan rap bpc se dye k egziste an 3 pèsòn
mc, pc, bc sa vle di se li ki mastè a se vre
sa fè chalatan plede chèche trete viris koute
ou mèt kraze brize jamè ou pap jwen sekrè a rete
chak grenn nan noumenm vo plizyè nan oumenm man
respekte jeneral koz ou pa vo anyen menm
gen sa k vle talonnen m
gen lòt k ap takinen m
plen lòt sa k vle konnen m
souf li pap janm etenn non!
[refren marco]
ayisyen bc di n kontinye goumen pou sa nou kwè pou dwa nou respekte
nou fyè nou konn kisa nou vle
hip hop la s on viris kite bc pwopaje
e li se limyè a e se ladan nou tout kwè a
li se fyète jenès la se li k fè pase mesaj la
mouvman an sekwe tout peyi a
bpc santral la se li k lage viris sa

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...