lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu ayisyen – cliowen

Loading...

cliowen * ayisyen (feat. ded krezi)

*(verse1)* cliowen
yo banou anpil pataswel
au grand jamais se pa ta souhait’ n
yo aprann nou renmen cesar pa aprann nou aimer cesaire
peyi’m vecu peyi’m subi
peyi’m (hum) gen peripesi
peyi’m gen remed pou malad, peyi’m tou geri blesi
nou se pitit tèt ki pwav (pwav) , pitit pèp ki brav (brav)
pitit tèt gridap mwen menm avèw nou gen menm fas
li lè li tan poun konn valè’n e pou nou konn kapasite’n
tout sa’n tande yo se fo film, sa yo di yo paka fristre’n
depi’w se ayisyen figi’w kenbe eskanp lan
toussaint, dessalines, capois deja yo te trase egzanp lan
konbyen nan nou kap swiv egzanp sa
konbyen nan nou’k pratike sans saa
konbyen nan nou kap lite’k konn sa
konbyen nan nou’k konn li’k defann sa

*(chorus) ded krezi
yo te mèt pale, paleee
yo met radote, radoteeee
di tout sa yo vle, ayisyen reprezante (woy)
yo te mèt pale, paleee
yo met radote, radoteeee
di tout sa yo vle, ayisyen reprezante (woy)
gade pèchè latè, zoe yo pap ka gratè
pale yo, di yo nap vini vin lave lhr a woyy
gade pèchè latè, zoe yo pap ka gratè
pale yo, di yo nap vini vin lave lhr a woyy
*(verse2)* cliowen
ann leve men’n pou konbit sa
mete brain pou’l fè plis pwa
mete grenn ann leve pye’n pou nou fè valè peyi sa
sikonstans pa fèt pou efase pakèt sak te pase
si’n pran san’n pou’n repanse n’ap wè valè sa’k deplase
nou se fyète tout yon kontinan, lè sa pa bon fò’n konn di non
fò’n pa kite chagren nan nou ap fin etenn chak grenn nan nou
chak grenn nan nou, sak gen lanmou dwe pataje’l
pou’n fè yo wè sa’k byen nan nou konsa na soti nan grangou
toupiti nou boukle lesklavaj
nou montre ke n’kapab
nou montre ke n’pat krab
nou montre ke n’valab
sou yon pakèt kolonn rasis ki te fè coloniaslism
yo pran nou pou bouki jis paske yo konnen yo malis

*(chorus) ded krezi
yo te mèt pale, paleee
yo met radote, radoteeee
di tout sa yo vle, ayisyen reprezante (woy)
yo te mèt pale, paleee
yo met radote, radoteeee
di tout sa yo vle, ayisyen reprezante (woy)
gade pèchè latè, zoe yo pap ka gratè
pale yo, di yo nap vini vin lave lhr a woyy
gade pèchè latè, zoe yo pap ka gratè
pale yo, di yo nap vini vin lave lhr a woyy
*(verse3)* cliowen
yo dèyè vin redui nou en cendres
yo bliye si n’redi pou’n ansanm (yo pa saj)
ale di yo se nou’k te fè 1804 (yeah)
kelkeswa kwen ou ye depiw black fò’w konn istwa’n
mwen vini fè’n sonje metye’n menmlè m’konnen nou vann zouti nou
pinga n’rejte vodou paske’l fè pati de kilti nou (ayibobo)
linyon va di yo sa nou ye sou latè
pouki n’pa di yo nap rive nou pa pè
kelkeswa jan’l ye n’ap lite pou sa n’prè

*(outro)* ded krezi
heyy n’ap
lave lè a (lave) lave lave lè a (ayisyen)
lave lè a (lave) lave lave lè a (woy)
lave lè a (lave) lave lave lè a
ayisyen nou ye premye pèp libere
heyy n’ap
lave lè a (lave) lave lave lè a (ayisyen)
lave lè a (lave) lave lave lè a (woy)
lave lè a (lave) lave lave lè a
ayisyen nou ye listwa se nou’k kreyel
woooy woooy lave lè a (hey), lave lave lè a (oulala)
lave lave lave lè (oulalala)
lave lè a, lave, lave lè a

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...