lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu gen twòp n nan santiman – collectif d’unis-vers, carl en rime

Loading...

yeah! nan vi sa, gen twòp moun ki damou ki pa ansanm
e ki pa p janm ka ansanm
gen twòp moun ki ansanm ki pa damou
e ki pa p janm ka damou
sa vinn lanmou toujou sèl menm lè w marye l ak dousè

gen twòp “je t’aime ki bay jis pou resiprosite
gen twòp fek nan 14 fevrye
c’est vrai l’homme est du règne animal
mais y’a trop de b-st–lité dans l’amour
twòp chen pou chat,twòp makak pou chat

gen twòp s-xfriend ki amoureux men ki paka ansanm
gen twòp friend s-x nan lanmou,gen twòp èks ki amoureux
gen twòp premye amou ki pa ret dènye
gen twòp bèl story love ki pa dire
gen twòp moun lanmou fèmen zye yo menm lè yo pa p fè l

gen twòp moun lanmou fè yo sòt,fè yo enbesil
malgre yo gen yon quotient intelligent élevé
gen twòp moun ki pran lanmou jis pou bay mal
gen twòp lanmou sikonstansyèl
twòp lanmou adye,twòp lanmou sikonstans syèl

refrain : twòp lanmou degrenngòch
twòp lanmou dwat e gòch
twòp lanmou degrenngòch
twòp lanmou dwat e gòch

twòp kapris,sikatris
twòp triye,twòp kriye
twòp moun fou,twòp kou
nan lanmou
twòp vis,twòp kriz
twòp jòf,twòp retou,twòp detou
nan lanmou

nou toujou byen kòmanse
nan pran poul sou lòt relasyon
sa konn koz nou mal fini
men nou bliye si nan lanmou pa gen lwa
m wè twòp foli soti pou n peri style li
sa vinn fè lanmou dwate tèlman n fè l mal a goch
vinn gen twòp meli melo,twòp maladwat vinn koz
lanmou maladwat e gòch
nan lanmou,twòp vag bay fè n wè l anmè
pa sere kras,gen twòp moun parfait
k ap konjige l à l’imparfait

gen twòp,moun ki pa radi k ap mennen vi lanfè
vinn gen twòp maskilen ki dèyè nèg
twòp feminen k gen fi dèyè l
sa vinn koz vinn gen twòp fidèl enfidèl
e lanmou se sèl sik kè w
pa p janm ka goute lè w sèl
jantiman,nou santi santiman love nou ankò pi byen
lè w pa gen nen,pa janm panse ou ka kenbe
yon relasyon sèlman lè w gen men
paske m wè nou vinn tèlman renmen byen
sa vinn koz nou renmen mal
e non love mande pou nou pasyan
menm si l pa lopital
gen twòp soutyen ki bay
nan lanmou pou desann kilòt
twòp len sou lòt,twòp fo kalen
twòp vrè kalòt,twòp fo pilòt
lè yon moun blese,nou !
panse a yon lòt
lanmou vinn pa katolik men
li pi mal ke vatikan tèlman l fè nou pè
li pi mal ke vatikan tèlman l fè nou pè

a wi melody ! gen twòp n nan santiman renmen
gen twòp… wi gen twòp… sa vinn fè manke twòp
lanmou pou lanmou
nan fè lanmou gen twòp bèl bag-y nou wè
menm lè je nou fèmen. pa vre !
kidonk je kale nou ka fè pi bèl bag-y
pi bon bag-y,pi gwo bag-y ak lanmou

gen twòp moun ki pa sispann di ke
lannmou fè yo twòp bag-y mal
a wi,nou bouke sibi ! talè,men se nou ki fè twòp bag-y mal ak lanmou ou byen se lanmou
ki fè twòp bag-y mal ak nou ??
antouka,byen ak mal ap toujou byen
pour des siècles des siècles. m konn sa
men ak lanmou,pou lanmou,nan lanmou
ann eseye fè plis byen ke mal
ouais ! ann eseye fè plis byen ke mal…

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...