lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu veni vidi vici – d-fi powèt revòlte & ken-fs

Loading...

[verse 1: d*fi]
pa gen okenn glwa nan viktwa san peril
nou chak gen kwa n, m p ap sibi istwa a, m ap ekri l
m livre kèk konba k pa vo lapèn
yo di m detui on rapè se konsa emnm wap pwouve ou rapè
se pa t janm on game pou mwen, on risk a chak pa
jèn, nayif, se mwen k mennen tèt mwen labatwa
se lavi on tijenn pasyone
melanje jwa pèn, lanmou èn
zeprèv yo fasone m
lè ou pèdi tèt ou nan on rèv, revèy la brital
m soti kote balad pou bèse n se bri bal
s on arèn, m blije kanpe an maximus
chak jou lanmò souri ban m, sa m ka fè, souri ba li tou
m fè kèk chwa, m jwe ak difi, m boule
m pran kou men pi di a se wè dlo jwe manman koule
kiyès ki te di on gèrye pa konn soufri
sèkèy mwen, gen sa k ap vin pou kriye gеnyen k ap vin krache sou li
omwen rap mwеn t ap defann koz
ki jis kit a sakrifye karyè m te klè la a pa on kabann woz
asime chwa ou, peye dèt ou, asime zak ou men
pi gwo konba fèt anndan ou, se ant ou menm ak ou menm
m rive jwenn lapè m, jou m resi touye ego m
se pa pouvwa yo men koz ou chwazi defann yo k fè ou ewo
mouri an brav, viv lib
veni vidi amavi vici

[verse 2: kenfs]
m pat gen tan pou swiv avan’m rantre (ouais) se te pi fò ke mwen
anvi an te inevitable pou rap yo pat janm fòse‘m
pasyon gide’m menm te chwazi bò’m en fin’d compte
powèt depi sou ban lekòl m gen zòrèy m pat vle fè wont
m kanpe kote sa pi mal nan pòch men pi byen nan sèvo
m kanpe kote sa’k mal nan malèt e ki pi byen nan sèso (pause)
m pat janm la pou fè’w wè, men pou fè’w tande
sak fè’m pat vle pote’l ba ou nan on club men pito nan on bèso
se mwen’k vini yo pa rele’m e sa se mwen tou
yon rapè tris on dirait bonè ekate lwen’l tou*
m ka ba’w dwa korije diskou’m, korije pase’m tou man
e peu importe fason’w ta pran’m pou cible ou pap rate’m tou man
m te wè a je m potko konn jan pou’w wè a kè
m te wè’w anlè m potko konn jan pou’m wè’w atè *
sa’w rele chans mwen’m rele’l okazyon m rate sa lè’m vle
e’m pa fè sa souvan menm toujou genyen chak lè’m jwe
m konprann, si e pou sa m pap pantan ankò
m pa vle viv an ipokrit a moun, m pa fè sanblan ankò
m’aprann plus ke sa’m gen pou egzanp m’aprann de silans ou
twonpe pwòp tèt ou pou moun pa twonpe vijilans ou
m kenbe la, m’paka lache tou m la bon tan
m poko gen motif pou’m ta bay vag m la pou lontan
m g’on lòt vwa’k gen pou konfye’m on lòt misyon
nouvo kenndy a m gen pou’m prezante’w li, li an konstriksyon

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...