lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu castro sou map la – d-fi powèt revòlte

Loading...

[kouplè 1]
yeah rèv nou se trezò n
katye sa m reprezante a nan je kèk avan te vye zòn
28 an, se nan koridò sa yo m grandi
m fè l pou di ou nan geto nou tout pa bandi
vin san danje, teren an laj menm jan ak kè m
mesaj lanmou nan tan lagè, eritaj pou sa k ap vin aprè m
yeah! malgre mwen m vin gid yo
f*ck d*fi, pou ansyen yo m stil ret ti rhod
m pa chanje pase sa
m toujou sou bout mi yo
toujou manje fritay ka madanm
toujou ap trip nan katye a
on dreamer pa gen limit
nan rap, m pa sot nan on blòk mitik
m pran blòk mwen m fè l mitik
castro we go hard d*fi is yours
100% benefis kòm si n te envesti nan on biznis bòz
pèsòn pa ka di m pa kite anyen rap la
yeah! m met castro sou map la

[refren]
i get big dream for my city
anyen pa ka bare n, se syèl la k limit
nou gen randevou ak listwa, èske ou ap la
def to the death, m met castro sou map la
se youn pou lonè gran paran
2 pou chak jenn gason, chak jenn fi
3 pou nèg ki wont kote yo soti jodi a k fyè pou di yo sot bò kay d*fi

[kouplè 2]
mwen m reyalize rèv mwen san zetwal pa file
lavi m se on fim ke pèsòn pa filme
ti frè malgre eprèv gad tout sa n akonpli
nou te pati san anyen sof on rèv ak on plim
se youn pou manmi tètè, di li mèt fyè
d*fi fè l, se 2 pou chanje vi kèk frè
yeah misyon m pa fini
m di ou fòk geto m viv
e pou sa fè albòm pa sifi
ou konn prensip la deja, toujou ak lonè n make money like puff
ou mantalite robin des bois, vòlè rich bay pòv
m pa prale san m pa peye dèt mwen
si ou kwaze m, pa ezite rele m, m se frè ou, m pa vedèt men
pase wè m lè ou vle, m pa janm fèmen baryè m
m ap bay lanmou kote yo ap bay èn
pou posterite a, pou lè yo mande m lè m te kapab sa m te bay
yeah m met castro sou map la

[refren]
i get big dream for my city
anyen pa ka bare n, se syèl la k limit
nou gen randevou ak listwa, èske ou ap la
def to the death, m met castro sou map la
se youn pou lonè gran paran
2 pou chak jenn gason, chak jenn fi
3 pou nèg ki wont kote yo soti jodi a k fyè pou di yo sot bò kay d*fi

[kouplè 3]
m dwe briye pou lòt yo ka klere
se pou nèg sa yo k sove vi m, lè m te piti k t anpeche m bwè kleren
pou drama, tedox, penzon, dez dez, pascal
lapinòk, lamèk dj carrion, pasa
ti fafane, black peter peter black
tout jenn fanm jenn gason
izi blòdè dye, lord imp iceberg no mercy san fason
se pou deblozay non non, manager m david
pa etone ou si genyen k absan nan lis la
chimen n separe men nou nou gen randevou ak listwa
wedup jhy zoe, èske ou ap la
yeah, m met castro sou map la

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...