lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu flè dizè – d-fi powèt revòlte

Loading...

[kouplè 1]
rakonte listwa flè dizè
se rakonte listwa prensès geto yo, se rakonte
listwa ti sè n
ki grandi nan on sistèm ki aprann li ouvè kuis li avan kè l
kote se a moun san somèy nèg ap mache vann rèv
flè dizè bèl ou a di fe
men se kot grangou touye lanmou, byen bonè l konprann “je t’aime” pa limen dife
flè dizè anfòm k on bas
l ap taye banda, sa l pa bay taye l pran ak vyolans, li pa konn womans
diyite l pran souflèt, menm jan ak machwè
flè dizè ap chache fòs, pot pèn li bay senjak majè
flè dizè grandi ak matant
on dayiva retrete ki te fè l kwè anndan janm li dwe gen patant
mizè sal bote l, lonè l sabote
pou yon anbwate jenn anbwate l
flè dizè ap sèvi nan ba
sou chak grenn byè on dola frè m, kouman pou degi pou l pa bay bout anba l
flè dizè mache chache men l al dòmi san soupe
se ak kalòt, kout pwen, bal mawon p ap dòmi san soupe
ou ka konnen l, yo rele l wana
yo pale de li souvan, se li ou kwaze sou twotwa a chak swa
flè dizè te gen rèv pou l medsen ou avoka
men se lè yo fin koupe l y a wè l te bon tankou on zaboka
flè dizè kite lwen dèyè l epòk li te sen an
tout sa ou tande a, flè dizè fèk gen ventan

[refren]

rèv flè dizè mouri
sou twotwa, anba seren
sou po l frèt lavi desinen l desinen l desinen
yo ba l pou kantik sèl melodi
pou l viv, fò l bwase ren l
lè solèy mizè l fennen, l fennen, l fennen, l fennen, l fennen

[kouplè 2]
nan boule bwa gen fè chabon
chak jou l ap kwaze l men l pa konn mèt li
flè dizè ranmase on kaka san savon
se te apre on bibil
san asistans, flè dizè fè silans pou li se sèl mwayen pou l siviv
chay sot nan ren tonbe sou zepòl
flè dizè al gouye sou senpyè pou kouvri malpwòpte senpòl
apre pòte flè dizè pa chè, nan bouske pou okipe youn, li pran on dezyèm, li pran on twazyèm
konsa lavi maltrete l
li mizè a k nan mitan pli k sou figi l yo, men longè kòd tete l
sak rete l s’on ti komès kleren
ak kèk ansyen kliyan k konn tcheke l apre on gwòg pou on kout ren
chak fanm gen sèt so, flè dizè sou disèt
e si l ta pran on dizuityèm, l ap leve kanpe pi rèd
on jou l a jou
flè dizè ap kenbe, beken di l l ap repare kanmenm, fanm se kajou
li pa t gen modèl
ki desten on jenn fi lè kote l grandi a pa gen on bibliyotèk men gen ven bòdèl
lè sèks se pi gwo lwazi, lè pi gwo djòb se pwostitisyon
la lè on jenn fanm pòv, bote l se malegdiksyon l
e yo gen odas mande l sa l te fè a po bal la
tan l pase, gen tijenn k ap vini, ba yo plas la
trantan flè dizè fennen
pèdi nan match lavi a, li paka gouye ankò karyè l oblije fèmen

[pon]

[refren]
rèv flè dizè mouri
sou twotwa, anba seren
sou po l frèt lavi desinen l desinen l desinen
yo ba l pou kantik sèl melodi
pou l viv, fò l bwase ren l
lè solèy mizè l fennen, l fennen, l fennen, l fennen, l fennen

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...