lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu kouzen – d-fi powèt revòlte

Loading...

[intro]
nan yon koridò bò rigòl dlo
anndan site kastwo
2 ti jèn chita y ap pale  
ak grenn sèl anba lang yo
pandan youn t ap pale youn t ap koute
yo pa fe bri
nyaj jwen an ki pote ale sa yo t ap di

[kouplè 1]
kouzen, bag*y yo grav menm sou fòs mwen m pa ka konte
sa k vin nan menm nan ret kanpe pandan tout bag*y ap monte
m la m ap gad fyète k kouche malad nan belekou
yo touye espwa gran ravin pa gen pyès moun pou pote l sekou
m pèdi nan panse m
on plat manje s on balon dò
mize demounize n
jis pou bat bouch ti sè m ap vann kò
poutan m debat fè tout sa yo wè k dezonè
m lave machin mwen pote chay e menm mandyan selon jounen m
koz m pa ka antre 2 men vid, non m p ap antre janm kite vant yo
sèl zam nan m pa kenbe kouzen m fè jounen mason m vann dlo
se lapèn lè madanm ap fòse souri pandan m chits ap touye tan e espere lanmou l p ap mouri
kouzen m wè diyite ap fè trafik prestij ti nèg ret nan boutèy
desten trajik hmmm
anba jipon madan kolo se dèy
mwen m lage pye m
si l pa pou on mal l ap pou on byen
dayè isit pa gen lavi
kannòt pa fèt pou chyen

[kouplè 2]
kouzen m pa wè espwa
la wè solèy leve se on rèv e lè leve rive wè l kouche s on eksplwa
m paka enfliyanse chwa ou, pa menm ka wè do men m
ke ou bouske vi miyò kannòt pou pwovo ou batey sendomeng
kouzen twa pitit
youn nan kouti jounen mason pa peye lwaye bay lamanjay, e si ou gen on ka klinik
kouzen la se pa sa k merite k jwenn men sa k konn pran
ou pa mèt desten ankò, ou sou kont vag ou sou kont van
la ba pa tè pwomiz
men m konprann ou lè ou di m vi a se riske
ou p ap gen anyen si ou pa fè gwo miz
pran pè tennis sa, 2 grenn mayo sèl sa m ka ba ou
mwen m la toujou kouzen m la ap batay jouk sa kaba
m ap toujou voye je sou fanmi ou kouzen
men pa fè m pwomèt ke m ap di ou si toutfwa m tande madanm ou nan bouzen
kouzen ou ka siviv nenpòt kote si la a pat tiye ou
men pa bliye kote kè ou ye se la patri ou ye

[kouplè 3]
kouzen tan ap pase, nou ret san nouvèl
dlo ap vin pi santi, nou pa vle mouri swaf nou bouche nen n pou bwè l
5 an ou pa voye ou pa rantre, omwen ou ta kite vòys
madanm pèdi espwa sanble ou bliye ou te kite l gwòs
li fè silans men ou konn sa k nan kè yanm sa k ap konnen l se ti kouto
dènye a fèt li ba l menm non ak ou, nou sanble kou 2 gout dlo
twazyèm nan fenk desann sètifika, men ki lekòl
yo ap sove lafas men madanm pa janm lage kò l
li la l ap kenbe, li pa ba yo bòpè
li fè tout ti djòb, lesiv vann pen, pistach malere pa dezònè
men ou konnen zanfan yo suiv ekzanp
yo pa koute konsèy
chimen lari mennen dwat nan lanfè l pa mennen nan syèl
dezyèm nan t ap gentan gran simityè si l pa t penal
dezòmè pou kwaze avè l fò ou mande apena kouzen
nan bouske lavi detui lavi fanmi w
premye a ou a kwaze l lè ou tounen si ou pase gran ri

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...