lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu pa gen rèv ki twò gran – d-fi powèt revòlte

Loading...

[intro]
se toujou kwonik yon powèt
yon powèt ki sot castro
yon powèt revòlte

rèv ak plim
d*fi

[verse 1]
vizyonè m depoze lorizon sou pwent nen m
yon clé d sol pou m ouvè pòt siksè m kite mizik mennen m
chimen m nwa tankou lank fè m aprann wè ak kè
m plonje pi fon nan abim nan m te gen sèlman yon plim pou lanp
kou brandt reyalite vin kidnape rèv mwen
vi a s on konba éternel m fè konesans sèvi glaive mwen
se eprèv man ki grandi m se pa laj
manman m kach on kalach nan kràn mwen
sa k fè y ap di pitit ou bandi
banm di w lè vi a vin jwenn ou an b*tch se aprann gouye
m aprann mache pye atè pou 2 pye m pa pran nan on grenn soulye
dlo a te mouye m
chwa
kite l nwaye rèv ou pran l pou benyen
ensandi an sot nan on ti etensèl yo pa t gen sousi tenyen
mais qui peut me stopper
no one
fevriye 2011 paillère m raple m bicth martine t ap sn0be m
chak lè m tonbe m leve pi fò defèt yo banm gou viktwa
se kwonik on esklav ki vle vin wa
[ refren:dag]
rèv pa konn twò gran
lè w fonn kou sèl nan dlo reyalite w
kòk ki chante rezon w se kalite w
rèv pa konn twò gran
pa gen revè k twò piti × 2

[verse 2]
yeah m vin make tan m ret imòtèl kou papa ky*mani
m wè l’art avant l’or devan glas la m te plis mic ke money
zanmi rhod pran kòd long depi lè d*fi ap pran fil
m nan gè frè rezon k fè m brake plim mwen kou springfield
if i die today koute m pou w konnen m finèb orezon
m aprann pèdi pou m genyen move bag*y rive pou bon rezon
kou sezon moun chanje
mwen m pa fèy fè vi m nan dlo m p ap pouri
la roue tourne ki de dèyè sa k ale m pa kouri
pou m pa mouri on jou m deside mennen vi nocturne
depi lè yo di m sky is tha limit mwen m al rap ak les neptunes
wè m kite lari a pou m al abite sou sèn
manman m di m fè atansyon isit reyisit se sous èn
sila ki t ap meprize w ap vini chouchoute w
sila ou te konn ap bay kout men ap vini pou choute w
m di l man m p ap chanje rasin menm si m chanje fèy
sa k nan lonb oral vizite solèy ak rèv ki pi gran ke somèy
d*fi
[refren:dag]
rèv pa konn twò gran
lè w fonn kou sèl nan dlo reyalite w
kòk ki chante rezon w se kalite w
rèv pa konn twò gran
pa gen revè k twò piti × 2

dag

it’s all about a dream man
nou sòti lwen pati san anyen
sof on rèv ak on plim
powèt revòlte
m wè pi lwen ke lorizon

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...