lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu pousyè – d-fi powèt revòlte

Loading...

[kouplè 1]
eseye ajanse kèk rim pandan filip ap plase nòt
m rann kont lè lanmou ap antre l pa frape pòt
mwen jwenn on zanj sou wout malè m
on ti melodi pou bèse m
nan mitan nuit la se vwa l ki te pote m ale
san pèdi tan m lage kò m nan vid lan
m damou danje
m te di n m ap renmen ankò, m ap souri ak dlo nan je
sa difisil pou mache lè se sèl lanmou nou genyen
nou brize, donk nou vle resevwa san n pa vle bay anyen
mwen m panse m te pare
men ou konn moun, nou toujou vle plis e se pa on lòt kè brize pou m mande repare m
nou klè, nou konnen byen lavi pral ba nou frap
men sa pa gade n, nou damou e n prè pou n boule etap
donk n ap panse ak fwaye
antre nan kay ansanm san menm panse a ki jan n pral fè pou jere lwaye
gen pati nan vi n, nou pa janm pale
men n di pa enkyete n, kèlkeswa jan sa ye nou youn p ap janm ale
nou pa fè pwomès se pi bon fason pou kenbe l
e si ou renmen on zwazo, se kite l vole se pa nan kaj pou kenbe l
on maten l rele m di nou dwe pale men pito nou wè
m koumanse strese m di sa se sin move nouvèl
m ap fè plizyè ide, petèt nou manke afeksyon
m pèdi tout manm mwen lè l di m li bay san e se pa t enfeksyon
se pa sèlman on bb n pèdi men tou on ale senp pou syèl
se lè sa m rann kont tout rès la se pousyè

[kouplè 2]
anpil nuit pase e jodi m deside ekri on lèt
pa pou ni fanm ni on piblik men pou on bebe k pap janm fèt
pou di l li t ap pi bèl kado m
m tap onore papa m
m t ap veye kote m ap pye m paske m konnen l pral suiv mak pa m
m tap montre l kote warrior m
di l manman l se on rèn e pou resevwa l nou te oblije al bati wayòm
di l vi a pa si bèl
pa atann anyen de moun pou yo pa desevwa dayè menm anndan castro gen zanmi k pa fidèl
di l ret li menm, l pa blije fake pou fè yo aksepte l
sa pa gade l si yo renmen l ou pa, enpòtan, yo dwe respekte l
di l pa janm kite yo pran libète l
vi a se on kesyon d chwa
e menm si sa ap koute l vi l kenbe entegrite l
valè yo ret menm fi ou gason
m t ap di l pa sispann reve, vi a pa gen sans san pasyon
di l lanmou se richès nou
mwen ak manman l se 2 moun ki brize kidonk li t ap remèd pou tristès nou
m t ap ba l lavi, li t ap remèt mwen bonè m
li pa t ap manke anyen menm si yo pa achte daypè ak powèm
syèl la te bezwen on zanj, rezon m bay tèt mwen
m te vle kite son sa avan m fin fè malèt mwen
m pa plenyen sa menm ak lapik
m ap soufri an silans
e pou yo pa wè dlo je m, m kriye anba lapli
ps: ret fidèl ak prensip mwen yo
pran swen fanmi an, apre sa tout rès la se pousyè

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...