lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu powèt revòlte – d-fi powèt revòlte

Loading...

[kouplè]
se pou met fen nan on deba
chak koumansman gen on fen, e chak fen louvri pòt li pou on nouvo depa
an tout senserite, lwen tout ti mannèv divèsyon
e paske on listwa pa janm gen on sèl vèsyon
kite m konte ou kwonik on gwoup powèt
a l’époque, on gwoup rapè k te pwomèt
nou te gen foug e n te kwè ke n te ka chanje bag*y yo ak pwezi
anyen pa t ka stope n, menm refi blay*z
sa pral gen 4 an depi m te resevwa apèl ed
m te nan geto a ap bay levanjil la pandan rap te sanse dead
se te jou soti albòm bon komisyon
fòk nou te an mòd gèrye, powèt revòlte se te on misyon
a nou 2 se t ap byen men twòp rapè k tankou n
pou sa m te vin ak wellborn, pou sa m te di yo kendy anyen pap fèt san ou
dream recordz revolisyon ak pawòl
rèv la te gran filip monte abò l
nou pase de senp foli
a pwojè lavi, ekip la vin konplè ak ajou hd senfoni
ann ale, ann al chavire sistèm nan
nou te pran tèt nou pou advengers
e pou lide, nou te prè pou sakrifye siksè an
pa janm rate on okazyon pou ekspoze
talan l, yo pa t fè n kado, n te blije enpoze n
anchene sèn, senkwo, emisyon radyo
nou te rive fè on non san single ni videyo
hum, la belle epoque
pozisyon, plim jenyal, punchline, dope lirik, we back to hip hop
e menm si, nou chak te gen karyè solo
nou te youn, reyisit kolektif dwe prensip kay tout mc
pi bèl la se lè ou ap monte
anlè a ou pa p ka fè anyen ankò ke desann, siksè on bèt ki mal pou donte
mwen m te gen on rèv ak on plim, on rèv ki koute m lavi m
mande dominik, pou rap m sakrifye lavni m
e si sa t ap koute m vi m, m pa ka ap satisfè tout ti kapris
m pran responsabilite m deja al koute abysses
on maten m leve m tande m ipokrit, m egoyis
sèl sa m se konyen madanm zanmi m, m opòtinis
te m di ou, m se on nèg sensè
m gen kòd m respekte nan vi a e ladan l
madanm on frè se on sèn
m rayi jistifye m
pou sa m te fè silans
on silans yo panse k te ba yo rezon
nèg krisifye m
gen sa k te kanpe sou mwen, gen sa k te kanpe pou mwen
kòm antouraj m te kenbe sila yo k te la pou ban m kouraj
plen dout m te elwanye m
se pa t janm on koze fanm, sinon pouki youn nan fanm yo pa t janm temwanye
m ka gen tò men se pa sa y ap repwoche m yo
pandan ou tap fè konplo pou ekskli filip, mwen m te kite l kotche m
jalouzi se kansè
si se te koze fanm vre, pouki n te remet an kesyon, mixtape mwen ep m, konsè m
sakrifis mwen yo peye, m ap kale kò m pou m jwi l
chak moun gen lo erè pa yo, pèsòn pap vin pran tèt yo pou jij
piblik mwen m dwe eksplikasyon malgre kritik m tap jwenn tou
pouki n te delete mizik mwen, mizik ja*m tou
ou fè chwa a, se mete grenn pou asime l
detui on lòt pap fè w konstui tèt ou m asire ou
powèt revòlte gran, se nou k pou te mete n nan wotè l
ou te devan , volan te nan men ou men sonje kiyès ki te motè l
ou ap benyen toutouni, lonbrit ou pa dwe kache
lwayote moun yo kanpe kote sa mache
m redi l, m se on rapè k pa respekte pyès nòm
m fè sa m gen pou m fè, m pa bezwen favè pèsòn
e paske albòm sa se testaman m
e paske m ap ekri istwa m pou nèg pa vin envante istwa ban m
e paske m fèt pou m reziste
e paske m gen respè pou nèg sa yo k fè klik la toujou ekziste
sakrifis yo anpil, chak nèg endispansab
ansanm nou reyalize l’enpansab
e paske sekrè yo fè dega, mdeside pale
e paske apre albòm sa m deside ale
e paske m gen dèt pou m peye, sa yo k te pouse monte
e paske devwa m depase volonte m
e paske pwomès se dèt
e paske zetwal yo konn etenn, rèv mwen se pa t vedèt
e paske n gen kòd
kou youss di, e paske powèt revòlte vin on mòd lavi, li kite efè d mod
e paske gen filip, a l’infini, ja*m, mcm, wellborn
e paske n dwe aderan nou yo on albòm
e menm si m deside se la karyè solo m bout
nou se sèl rezon k ka fè m tounen nan booth
s on eritaj, pou lòt jenerasyon an rekòlte
m sispann d*fi, m p ap janm sispann powèt revòlte

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...