lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu san nou – d-fi powèt revòlte

Loading...

[kouplè]

san nou mizik mwen pa itil
pa gen pi gwo sakrifis ke sa, nou etenn tèt nou pou m te ka vizib
nou te sèvi m syèl lè kou zetwal m te vle briye
nou te wè m nan gè a nou te sèvi m boukliye
m te vle woule nan kas nou, men m ateri nan kè n
rèv ak plim on siksè gras ak nou, sa mpap janm bliye l
se pou tout sa k te kwè nan mwen frè yo pa anpil
tout sa k te touye rèv yo pou pa m te ka pran vi
pou tout sa k te di m wi ou kapab
lord ki te koute premye rim mwen ki te di m wi ou ka rap
se pou ed ki te di m yo ann al make tan n
causa nostra, eritaj la m ap ret tann
se pou lagness, m grandi gras ak kèk konsèy
pou castro, ki te ba freestyle mwen yo anbyans konsè
nou enspire m evazyon gen sak di m ap detwi vi m
pandan mizik sove m, frè m m ap viv pasyon m
filip ka temwanye auto*psy
m te pati pou m te mouri san m pot ko viv
se mizè k enspire m frè m se pa bòz
pase kèk nuit blanch pou rès jou manman m yo ka wòz
se pou yon ewo ki nan syèl espere l jwenn mesaj yo
di m l ap tounen se lè l fin konte tout zetwal yo
di l m kenbe tout sa m pwomèt
pitit tig se tig, malgre mizè a m pa t janm malonèt
rap kèk verite
se pou antouraj mwen règleman, 35 zile sak makònen n se lide
se pou tout aderan, nou ban m plis pase m ban n
ofinal genlè se mwen ki aderan n
doulè nou menm, batay nou menm
nou pa konn kouman m santi m #envensib lè n kenbe menm
pou di n mèsi on mòso pa sifi
san nou mizik mwen pa itil

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...