lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu vid – d-fi powèt revòlte

Loading...

[refren] (2×)
sampling (heaven was needing a hero * jo dee messina)

heaven was needing a hero
somebody just like you

[kouplè 1]
kouman pou m vanse lèw kite m ak andikap
pou ekri w sa, m pat bezwen plim men on ti plat
rezon m ba tèt mwen pou m kenbe, pou soulaje pèn mwen yo
sè ke petèt syèl la te bezwen on ewo
fò m di w, anyen pa chanje
pasa stil pa renmen sòti
esther toujou ap brave danje
mwen m pa gen chwa lavi a fòse m granmoun
ou a konn nivo on nèg onèt se lè l anfas grangou
m konn sak rele mache chache, al dòmi san soupe
an pasan, sa gen mwa depi m kanpe live today
m konn sak rele sonnen men pèsòn pa reponn alapèl
ki mizè ou konn pase pou banm e lè m diw mèsi ou di m palapèn
m swete w jwenn mesaj yo
ou a reponn byen petèt lè w fin konte tout zetwal yo
pi gwo ennmi m se tan an
li pa rive geri doulè pou m santi prezans ou m koute twopikana ak septan

[refren] (2×)
sampling (heaven was needing a hero * jo dee messina)
heaven was needing a hero
somebody just like you

ou kite vid
m potko prè pou m ranplase w
sèl gid mwen pou modèl fiti m
m pran pase w
gran paran
m swete w jwenn lapè
alada kote brav yo ap repoze a jamè

[kouplè 2]
rakonte m erè w yo, pa t anpeche m fè pi mal
raple w tout saw di m ou te ka akonpli, siw te gen sètifika
2 fac san regle anyen kouman pou m pa wont
ou ki te toujou reve wè pitit ou depase patwon w
devan moun ou pa t janm koube w
se kote w m pran sa
ou aprann mwen anpil menm si w te panse m pa t janm koute w
ou s on wa sou jan ou te konn trete esther kou rèn
avan l al jwenn ou sou li tèt li map depoze on kouwòn
mond lan vin pi kriyèl
chak lè m panse a nihassa m konprann pouki anndan chak paran g on kriminèl
pou evite m tonbe se a mizik la m akwoche m
fèy la mouye, lank fè plas bay dlo je
terib, pandan m ap kriye pou ou ki pa la
nan kay anfas lan, m wè gen youn k ap souflete pa l la
papa m pa alkolik m te vle nwaye chagren
san rann kont gen vid ni dlo je ni alkòl pa ka plen
[refren] (2×)
sampling (heaven was needing a hero * jo dee messina)

heaven was needing a hero
somebody just like you

ou kite vid
m potko prè pou m ranplase w
sèl gid mwen pou modèl fiti m
m pran pase w
gran paran
m swete w jwenn lapè
alada kote brav yo ap repoze a jamè

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...