lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu woman is life – d-fi powèt revòlte

Loading...

   
[verse 1]
m jwenn vi nan zantray youn, m wè bonè m nan je youn
pou temwanye n respè m rape tèks sa ajenou
se pou bote site yo, sa n wè kou prensès e rèn
k ap met lòd nan lavi n, repare chak erè n
manman n k ap fè tèt a
tribilasyon tout on fanmi pou swen, yo pote n sou do n p ap di yo n pile teta
madanm ou konnen lanmou w presye
men n grandi ak vid afektif padone n si n pa rive apresye l
tisè m pou machin nan mache se ou k motèl
pa kwè yo lè yo di ou plas ou se nan kuizin ak chanm otèl
leve cecilia, fòk tchovi, yo viv, pran ti komès ou, mare senti ou desann nan faktori
p ap fè back menm douvan kout baton meri
sou po ou pote fyète ou tankou neri
lonè ou ak bonte ou fè bote ou f*ck makiyaj
mwen m twò wil, kite m rape byen fò woman is life

[refren]
yon flè k pouse kote pousyè leve
w bay lavi pandan souf ou ap bout
w bouske kote nou pa t imajine
pou tyovi yo, ou se lavi

[kouplè 2]
zepin yo kontinye bay vi menm lè woz yo fane
kè n on tanp sakre ego mal nou pwofane
mizè a pran lanmou n pou nou l transfòme l an èn
mwen m eseye refè l ak mizik pran sentaniz transfòme l an rèn
devan sakrifis nou m wete chapo m
m wè fanm ki pran twotwa pou bay pitit yo chato
lanmou n pa gen pri, ak lavi m wè n twoke kòn
m wè lè n bay kè nou yo pran kò n
fanm gen doulè ou nan kouplè m yo
dousè pa gen egal ou bèl jan ou ye a pa chanje koulè po w
m se pitit sa yo rele fanm djanm yo
tifrè valè sè n yo se nan kè yo pa nan fant janm yo
pou soulaje pèn nou on mizik p ap sifi
nou sèl konn sa n viktim, nou sèl konn sa n sibi
m koube m douvan kouraj nou, soufri men n pa di way
kite m rape byen fò, woman is life

[pon]

estè, jupilie, julie, milèn, iya, gimat, anisya, natali, irani, jizèl,olive, adasa
yann, ema, tafa, vero, tati tonm, madan ti chofè, mami, aby, ruth, derlie, sè rene
13, marie jose mele, marie lynne, yves rose

nou se lavi, nou bay lavi
woman is life, woman is life

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...