lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu ordonnance musicale – ekilib

Loading...

[echantiyon]
tu nous as tous mis dans un beau pétrin
tu n’es même pas digne d’être un super guerrier petit imbécile
tu dois tout réapprendre

dans notre société c’est le plus fort qui survit
le plus puissant, le plus rusé
les autres doivent disparaître
tu ne peux même pas savoir comme tu nous as fait honte

[premye moso : gaelino]
s on lwa nan lanati depi w pi fèb ou pase anba
ou ka plede chante vodou san w pa samba, e pazapa
nou ka dekouvri ki vid ki nan nou, king nan san queen nan
ki lanmou ?
kinan nou se peche, malgre se vwa god ki nan nou

si n echwe menm dejwе, nan roulette russe ou vle jwe
men w pyеje akoz ke w fòse ekri ak plim san lank
difisil pou w akoste, bato lavi w san ank e san mank
ou ka fòse e menm fò se vre men lavi fè w sede

ou pa diy pou w yon bon sòlda negativite ak pè abiye w
w apiye w sou fo eskiz kòmkwa yon jou menm frè w ap bliye w
pa bliye w se wozo
ou pap kase menm si w ta wè yap pliye w
lavi son wout long sou po w s on kout zong, yon cute song
men k ret tris kanmenm e jis nan kè m enstrimantal sa rezone sou li m frèt kou ivè, m dakò m s on rapè sezonye
pran sa kom konsèy yon ti frè w depi w se black ou prizonye

de pase w, fò w aprann depase w
deplase w kot moun kap fè w fè bak
sa w simen se sa w rekòlte
se ret kote moun ki hot tankou w donk ki ka fèw fè spak

vi a pa sispann kale w sou do w pote mak tout kout frèt
lè w tonbe aprann leve lavi a s on tonton makout, soumèt
yo vle koule n men n konn naje nou
e si devan n yo parèt gran se paske n ajenou

[koral : gaelino]
lavi ap ba w chay pou w pote l pa bezwen konn a ki do
souri e fè wè tout bote w montre panse w ak ide w
etan done m sou 2000 vi mwen menm m ap la m ap gide w
epi m sanse vin yon sensei m vin montre w aïkido

lavi ap ba w chay pou w pote l pa bezwen konn a ki do
souri e fè wè tout bote w montre panse w ak ide w
etan done m sou 2000 vi mwen menm m ap la m ap gide w
epi m sanse vin yon sensei m vin montre w aïkido

[dènye moso : zo polo]
lavi a pa toujou woz yon menm doz
pa toujou depann de yon menm sijè se pa menm efè se pa menm koz
mais j’ose, pou w konprann rime yon menm kloz
rim on menm sitiyasyon ak gaelino n on menm poz

pou sa w te deside résolu w desime des volumes des idées
nan mind ou chak jou k ap defile
ou te parèt desideman, sèl moun k ap pran desizyon
nan lavi w deside gran men ak tèt ou w an dezinyon

m petèt parèt nan yon mond tare deja dane nan yon move moman
mwen pare pou m akapare m pou m plwaye m ak lespwa nan
e m pa mare so al chach on lòt moun si w vle konpare
w a grandi dezòmè ! ou pa konprann lavi à ce qu’il parait

un combat depuis fécondation une chance sur des millions
et là encore ça se joue au s*xe, ça se joue à fille ou garçon
faut combattre ses démons et des monstres
qu’on démonte, démontre qu’on est puissant pour savoir qui est des nôtres

des notes de piano désarticulées comme notre histoire
aidez*nous mon dieu si tu m’entends sinon c’est le trépas
la famine nous chasse bientôt on sera le repas
la mort nous court après avec la vitesse d’un guépard
on répare nos erreurs avec d’autres, on demeure amère
d’autres nous spolie on reste polie vu qu’on est aveugle
2000 vie, dose : ad*libitum besoin de musique
dark song : deux verses, médicament, demie*vie

[koral : zo polo]
lavi ap ba w chay pou w pote l pa bezwen konn a ki do
souri pou w fè wè tout bote w montre panse w ak ide w
etan done m sou 2000 vi mwen menm m ap la m ap gide w
m sanse vin yon sensei m vin montre w aïkido

lavi ap ba w chay pou w pote l pa bezwen konn a ki do
souri pou w fè wè tout bote w montre panse w ak ide w
etan done m sou 2000 vi mwen menm m ap la m ap gide w
m sanse vin yon sensei m vin montre w aïkido

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...