lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu piloufas – ekilib

Loading...

[koumanse : superdade]
yo piti
okenn moun pa janm montre w sa yo ye a vrèman
chak moun, tankou yon pyès monnen yo 2 kote :
yo konnen yo sou non pil ak fas
ou wè, ou gen pou w konprann sa frè m
le jou w rann ou kont ke tou 2 kote yo se menm

[premye moso : gaelino]
yon plim yon fèy, yon balad, sou yon enstrimantal
m vin plim on fèy, m s on malad on mc sikopat
on akwo tip, m fè rap ak gwo tit, ak optik
pou fè w ay san nakotik

sibstans k egize 6 sans, rap ak ensistans
koz pa gen 6 chans pou pèse
nan tèks mwen m vèse m
e m ranpli l jouktan m ranvèse
m fè rap pou m konvèse ak ou (zo polo : ak ou)

m pa fè rap pou m pèse poutan a chak mo m ap ba w flèch
yon plim yon fèy tèt bese, bò on tèt bòbèch
pèdi nwit fè pwezi m wè jou
m ekri, ak son chak mo se flèch ou, pral sote m limen mèch ou
chak fwa m tande rap m tante, ou tande vwa m ou tranble
otan de fwa ke w tranpe, vin tande fraz on tanpèt
poutan m pap rap pou m blese kikseswa
m ap jerе flo m sou instru yo pou m glise swa, oh wi se sa

yon fristal yo seryе, n ap betize poutan yo tize
ipnotize chak beat ke yo tise sa k fè yo di se
rap odise n fè
mes chers amis applaudissez l’art à son sommet
rap assaisonné, la masse ai sonné

[dezyèm moso : zo polo]
yon plim yon fèy, yon balad, sou yon enstrimantal
m vin plim on fèy, m s on malad on mc sikopat
yon krim, yon dèy, yon parad, aprè l fin pran 2 bal
mourir en guerre, so karma, vin mete dizon pa l

e si sans refize distan, akwo tip
mete pwisans bay on sibstans plis ke nakotik
vèse m nan vès yo s on melanj rap vise vèsa
trase plan san kontwovès bay yon rap sakotik

m pa rap pou m fè cho poutan a chak mo m ap ba w flanm
yon plim yon fèy, tèt bese, se si w vle konprann
m ekri tenèb, fè djab la jalou, dekri w san m pa konnen w
pral sote vit m chanje fyouz ou, literati makonnen w
chak tan w pran tap pou tante, chach on bon track pou w tande
tras on plan pou sa k ap tande, chakite tout sa k ap tranble
poutan pa rap pou blese kikseswa
jis ret detèmine w ap wè sou beat jan w ap glise swa

kidonk rap ap mize sou ou, menm mizè pap chanje dòn nan
plase n on mize, mizik ou ap atomize zòn nan
sa k fè yo di se, rap odise n fè
messieurs dames applaudissez, l’art à son sommet

[dènye moso : gaelino, zo polo]
gaelino : yon plim, yon fèy, yon balad
zo polo : yon instru memoryal
gaelino : m vin plim on fèy
zo polo : m s on malad, on mc demonyak, vizyon fat
gaelino : skin black
zo polo : misyon tchak
gaelino : piloufas
zo polo : non stop
gaelino : hip hop, pozisyone w
zo polo : tic tac

gaelino : n ap fè rap ak revè, ou pap reve nou refè l
zo polo : wadèvè jan n ap vèsifye track presye s on resèt
gaelino : m pa fè rap pou m pete poutan a chak vès m eksploze
zo polo : m pa fè rap pou m parèt
poutan a chak track m ekspoze m
gaelino : m pa fè rap pou m fè hit
zo polo : poutan a chak mo w frape fò
gaelino : ou w pa fè rap pou skiz
poutan a chak mo w chanje fòm
zo polo : non s on plil, yon fèy, tèt bese makonnen ak sans
gaelino : yon plim, yon fèy, tèt bese makonnen ak son

zo polo : chak tan n pran rap pou n jwe n pa fè track ase e
gaelino : chak tan n pran drop nou tchwe l apre n fin trakase l e
zo polo : pa konfonn sa ak
gaelino : fason yo vann sa k rap
zo polo : ki fè yon bann, sa k krab
gaelino : panse yo konn sa k rap

gaelino : m pa fè rap pou m pèse poutan a chak mo m ap ba w flèch
zo polo : m pa fè rap pou m fè cho poutan a chak mo m ap ba w flanm
gaelino : yon plim yon fèy tèt bese bò on tèt bòbèch
zo polo : yon plim yon fèy tèt bese se si w vle konprann

[fini : superdade]
ou gen pou w fè yon chwa ant pil ak fas
lavi rezime a sa, s on siksesyon de chwa
men an nou pa vwale nou lafas
paske kèlkeswa chwa w pou w pase tès la
sonje yo tou 2 fè pati menm pyès la
ekilib ! ekilib !

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...