lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu bosal hustler – èzli

Loading...

kouplè 1
èzli emett till kite sèkèy mwen louvri
kon sa n ka wè ponya k nan do m tras san chemiz mwen kouvri
kòm christopher wallace m g on vi aprè lanmò
chak kou k shot mete m prè objektif la sa tris e l vrè
chak fwa m swaf pale m vale lang mwen
fè silans kòm prensip m esplike m sèlman lè m devan grann mwen
sou estrad pandezon m pran listwa kòm temwen
prese pou sakrifye m san verifiye kòm se mwen
manti fè bri men silans fè plis
pri grandi sa chè pa suiv konkirans fokis
m ap fè l pou listwa lavi m jan m wè l m ap pousib
konstui piramid mwen nan kwen m pou ki n pran m pou sib
fondasyon m nan ginen pase ejip pa nan maslow
dèyè kout ri n avè m te g on gwo pik nou pat ret tann mas yo
tout jan m vle viv pa yon mistè men l majik
cl!ck ka redui menm ret solid tankou nasir sou magic

kouplè 2
mawon this that m abitye m s on real black k ap lite n
mèt lote m kou patat dinyite m ret entak
m ekspoze m sou yon beat dedy trase
kreye pou m reziste se yon vi k dedikase
mande jan m fè pou m pote kwa m
dezòm ila m asime chwa m
devan ankh la m bese vwa m dezòmè m la m blese kwak
ret chita m ap gade m ap grade y ap atake
koulèv k ap ranpe sèl fas tè pap ka mòde ata ke l
mc m fè pwezi ak doulè m kounya m ap antreprann
an menm tan m pran mezi chak jou k fèt kounya m ap manche pwen m
m pran tout blam vye blag sou mwen trete m aslè
bosal hustler m te prepare m te konn gagè pa jwèt oslè
fikse syèl men sa pa limit mwen
twò gran pou nou m konsyan n ap doute vre n ka pitit mwen
hip*hop sh*t still politik bout rap gimik
ret teyorik nan tout pratik miwa n kritik bosal etik
kouplè 3
yon milyon 2 milyon 3 milyon 4
m ap deal rim rich delivre l dope tankou crack
f*ck the police bras rap nan chak corner
nou di n hip*hop s on blast pou sak konnen
loray pa konn kale mc knowledge pa fèt san referans
prevwa remèt sa m resevwa anvan m tire lareverans
antere m anba ab* salon m s on gwo mapou
n on gwo lakou mistik je w pap ka wè sa sou map ou
detui m si n kapab ebyen lanmè gen bout
te pran n pou yon bag*y men kèk tan an vrè nan kè m gen dout
ranmase chyet nou n mèt byen manje mèsyezedam
kanpe m ap souri n k ap sa l kò n rele m mesye sanzetadam
konsyans se vre s on bèl tèm
biznis sa bay rapè li bay atis gwo gòj fè m
pran distans mwen koz mwen pap chèche atansyon
trè byen si n vle pi bon m ap fè sa m dwe ak mansyon trè byen
fè byen se frèt m bat fè m pandan l cho

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...