lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu manman – fegens

Loading...

—kouplè i – fegens—

dlo je li, swè kò li, tout t ape koule
yo fòme yon sèl ki bay ekspresyon tout kalte doulè
yon moman, ant lavi ak lanmò
li antrave ak yon lòt
ki bay defòmasyon vant k alonje
nan zantray li, tranche l te vini
li parèt, kòm ekspresyon kòporèl li
tande tout rèl li
bri kè li ki mete ansanm, pou bay pòtrè soufrans
yon soufrans k ap anonse yon nesans
se la a, poul jwenn fòs poul pouse
se pa fòs tout mouche
son fòs ki lakay fanm sèlman
se verite frèm, mwen pa bezwen fon sèman
nan sèn nan, fen an se te vwa yon bebe
yon lòt vi, se siy la delivrans
vizaj k ap souri
se koulè esperans nan soufrans
yon manman k pran tan fè pit-t li
kontan wè pit-t
se fwi li, tout vi li, se mizè li

—refren ( nikelson)—

manman son zanj men l pa gen zèl
li pote yo andedan kèl
li bay lavi san l pa fè pri
li bòkote w menm lè l mouri
manman son fanm men l vle di plis
li se lanmou l se sakrifis
toujou raple l janw renmen li
avan l trò ta, avan l pati

—kouplè ii – fegens—

avèk manchèt li, menm jaden l konn sakle
wè panye sou tèt li, nan travay tè a l konsakre l
li konn sa k kle grangou ki fè l pran gou
nan itlize tè a kòm sous
pou l pante pwa tchous
kakawo l donnen bèl gous

fanm sa konte pami tout fanm fò yo
lè l plante, se nou tout ki jwenn rekòt yo
wi !li son manman
li son peyizan
bon tan, kou move tan
li rete yon fanm vanyan

fanm lachanm ! pwofesè !
tout machann ! enfimyè !
madan sara !
kap bat dlo fè bè, riske lavi yo pasipala
klimatizè ka bay bon sèvis a fanm biwo
vitamin d solèy edon lòt vann siwo

—refren ( nikelson)—

manman son zanj men l pa gen zèl
li pote yo andedan kèl
li bay lavi san l pa fè pri
li bòkote w menm lè l mouri
manman son fanm men l vle di plis
li se lanmou l se sakrifis
toujou raple l janw renmen li
avan l trò ta, avan l pati

—-bridge – nikelson—-
si l gentan mouri souri nan non li
viv janl te swete seche dlo nan jew
si l poko mouri bal tout valè li
viv sanw pa kache l lanmou gen pou li

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...