lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu 2 viktim – k-lib mapou

Loading...

2 viktim lyrics
[1e vèsè: k*lib mapou]

fin fè kòb isit, m ta f on desann anba
m ta f on al trip, men m pa kapab
viv bò isit aba laba
s on kriz politik nou tout ki koupab
manifestasyon kraze brize, boule kawoutchou, piye biznis, touye moun
opozisyon militan, etidyan tout ap pran kòb nan men gwo zouzoun

ayisyen pa bon, ayisyen mechan, s on peyi ki posede anba men demon
vilaj de dye matisan se gang ki anndan yo, so fout lage yon bonm
yo touye prezidan n, epi nou kontan, nou pa manke lèd devan je lemond
bondye k fè m te kite vye peyi sa a, sèl sou papye transfè pou ayiti wè non m

pon
w ap gad de lwen, panse w konprann
se pa je w ki pran nan piman
diaspora pleziyis renmеn ayiti, se nan evènman
si sa te vrèman konsènе w, se pa nan peyi moun ou ta ye
avwe ke l pa twò deranje w, depi èpòt ouvri w kouri vin taye

refren
pandan n ap vibe, pandan n ap trip
sa pa gade l depi l pa viktim
pandan n ap vibe, pandan n ap trip
silans sa ki ka pale se krim
pandan n ap vibe, pandan n ap trip
diaspora, klas mwayèn se viktim
pandan n ap vibe, pandan n ap trip
pa panse paske w ap viv nan yon vitrin
se nou tout yo trete de latrin
menm si w kwè w ap viv nan vitrin

[2em vèsè: k*lib mapou]
ala ti pèp sovaj mesye, li plis kwè nan detui
an! kraze vit biznis mwen
boule ti machin mwen, se sa k militan an
pandan m pa t menm nan politik
m pa pou, m pa kont m pa menm nan mitan an
bon! lè yon moun fè efò pèsonèl pou l rive, pouki nou egri

nou fout anpeche yon peyi mache
mache fè pil pitit nan tout rakwen
dat n ap manifeste, voye ale
nou ret nan menm pwen an, kilè n ap met pwen
chita la ret tann leta, pandan n te ka nan antreprenarya
se vre peyi a an reta
men pwogrè pa p vini nan pran lari a

pon
klas mwayèn reve je klè
2 bal pou dekouvri vizaj
makiyaj sou lavi demeplè
pèsepsyon reyalite 2 vizaj
si nan geto ekzistans youn tounen atanta pou lavi lòt
pasivite w nan mouvman rezistans, fò w tounen potanta pou zòt

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...