lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu fè l ak nou tout – k-lib mapou

Loading...

fè l ak nou tout lyrics
[refren]
m fè l ak nou tout
ki toujou sipòte m
nan mache bwete, tonbe, leve, kòmanse
gras ak nou tout
m grandi e m vin pi fò
m pran ni kout men, ni kout pye, tout ede m vanse
m fè l pou nou tout
sa k di m te dwe rete
maklouklou pa nan bounda w, w ap rele peze
m fè l san nou tou
sa k di m gen foli fò
sa k kritike mwen ki poko janmen tande m

[1e vèsè: k*lib mapou]
chache zetwal nan kaye m gwo lajounen
solèy fè ti ba sou figi m ki te chifonnen
benjamin se po fig, goud se ti monnen
lè m jwenn se pa nou tout m ap kite konnen
djaspora pa rezilta asansyon sosyal
men move lavi, yo pa ka ba w twofe pou sa
pran swen fanmi w, mete manje sou tab ou s on devwa, yo pa ka felisite w pou sa

m jwe ak anpil lèt pou m pa gonfle nan chif
chak trak se trip mwen, m lage tou vif
m pa fè rap pou kòb, rap mwen plis sou bif
m al fè kòb pou m ka rap kif kif
di m depi kilè desann mòn te mande efò
m vin pi fò, echèk mèt al chèche ranfò
m p ap pale de kò mwen sèlman chanje dekò. m ap toujou bat rekò
se pa “crack” ki grandi men move “deal” krake zo m
m poko rive, yo di m fini
m redemare a zewo m
anvan m tounen yon vye souvni
yon bon moman nan yon foto
m ap woule sou avni
m p ap pran poto nan menm loto
kontradiksyon m yo se sa k di m vivan
m pat dèyè diferan nan viv nan
ilizyon, nan ti klik atis gouvèneman
pye m te toujou atè menm lè lespri m nan van

m pa t jwenn sipò près nan kenn kontèks
m plen pwojè k bwè sitotèks yon pil gwo tèks
ki vin banm on pil konplèks, m vin psikotèks
siksè vin pi konplèks
echèk ak chèk konn konèks
san mamote, m vin pale w de lwayote
menm jan pou gide m lwa yo te
la lè yo t ap ban m kwa pote
fanatik yo ret priyorite m
menm si m te swete ekri m yo te
anpeche kèk kriyote

[refren]
m fè l ak nou tout
ki toujou sipòte m
nan mache bwete, tonbe, leve, kòmanse
gras ak nou tout
m grandi e m vin pi fò
m pran ni kout men, ni kout pye, tout ede m vanse
m fè l pou nou tout
sa k di m te dwe rete
maklouklou pa nan bounda w, w ap rele peze
m fè l san nou tou
sa k di m gen foli fò
sa k kritike mwen ki poko janmen tande m
[2èm vèsè: k*lib]
ak on rap salè minimòm m pa nan tete lang
lè m wè ki lè evans paul resi fin peye lwaye l
chak fwa echèk fè m filalang
ak laj k ap monte m oblije ranvwaye l
zo m yo fin rèk, jenou goch mwen rèd
do m fè mal, m pa ka plwaye l
bò ronn m fè tèk, rap mwen mèt mò rèd
sistèm pa p ka anplwaye l

m pa t gen ase views sou youtube
klip mwen yo twoub, dizon m f on koub
mèvèy pa fèt ak goud sof poud
nan mitan dout, m te dwe fè doub
viktim disiplin big dream
kilti m, real team dream team
pa vi n di m, pik vi m se fiti m
respè pou sa k te kwè m lazy kou big jim

rap mwen granmoun pandan l ap rajeni m
m se youn nan ra jeni k p ap ajenou, nan raje m viv se ra je nwi m
m ret ajen ni w p ap wè m k ap kache vi m, ou pap wè m k ap jemi…

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...