lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu separasyon – k-lib mapou

Loading...

separasyon lyrics
[1e vèsè: trajik]

m kite peyi m ak gro chagren
pouse bourik mwen pou byen lwen
se pat sa m te swete
petèt se kout volan desten
isit frè mwen
lavi moun pa anyen
tèt libète a fann an de
antòtche nan pèlen
mpa konn si map tounen
goumen grenn plen nan klandesten
kite manmanm papam madanm ak timoun nan men
tonton makout yo bay kè plen
yasasinen moun gran jounen
yo diw nan politik
se kominis ou kamoken
yo detwi pou plezi
yo detwi san bezwen
fò dimanch prefekti
yo detwi “pour un rien”
moun pè nan kamyonèt
ti bb sou bayonèt
esak pi tris ti mèt
chak 22 gonw mannigèt
grennen bal sou radio
disparèt jounalis
maspinen lapawòl
peze kou lajistis
reagan menm alepòk
plen pòch milat ak baby doc
mas pèp la pran nan blòf
tout dwa de lòm se “money talk”,…
ayiti kite ayiti ayiti pati
politik pati politik pati

[2èm vèsè: ouragan]
kochma sou makout yo tou m wè ase
men nou te pran pozisyon ret tòf tou pran kout bòt yo san jamè lase l
jis van lespwa soufle
avni peyan m trè elegan
m t ap monte yon masuife
“now” mwen pral konnen pè tande li nan eleksyon
rès yo istwa, entretan vi pa nou debite
15 zan detid plen fakilte men demand djòb yo refize
pou krim zòn mwen vi n repite
pa jou menm 2 yo egzekite
vi kèk tèlman pèsekite
vi chè presyon tou fè prese kite l
prese kite l ? di m kijan mwen prale kite 4 dèyè?
mwen naje vre pou m soti
men mwen pa t rete kwè te gen yon lòt vag dèyè
e frap yo vi n pi grav
pi mal kidnaping pran nesans
yon kapital vyolans
rat menm ap fè “la chasse au compétence!!!”
diplome chomeko, ratpakaka menm nan tout bwat
leta kès pran nan cho, nèg vès sou do yo, yo ki pi gro chat
jistis menm nan koma
depi lè ou konn “ ton jean dodo”
mwen ak ti pa m yo mwen fè “let*ma” m
se chans nou pat peri sou dlo
an vrè elas!! wè elas!!
bèf la toufe si ou pa chimè
bò tab la ou p ap jwenn plas

kanmenm tout rèv yo pa t fi n nwaye
“but” rivyè lavalas lage nou sou lanmè nan mitan yon fon kanntè

oura !

[3em vèsè: k*lib mapou]
mwen menm mwen lage
sou tèt kale lè tole petwokaribe
lè bandi legal debake, lè degaje pa t peche
lè se ou y ap rache si dèyè vòlè w rele bare
pou sot chili monte meksik nou te 30 se 7 ki rive

an 2012 lè lamòt, vin modèl alamòd
lè onèt vle di pwan pòz, lè diplòm tounen radòt
m pwan rak bwa lè vann bèf pou moto te repons peyizan
on plan bannann pou n sot anba tant, lè dola monte tèt blan

lè lang pi fò jounalis vin pi mal ke pla sandal
altènativ nwaye nan san l depi nan plasenta l
katye popilè pa gen dlo men zam yo pa san bal
drapo nan dèyè lajenès pase an bastengal
lè entèlektyèl modèn ak statiko nan kòkòday
lè lekòl tounen disko, jenerasyon rabòday
palè ak palman ret kraze men nèg ap bati kay
kou inivèsite leta ak dezòm tounen zagribay

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...