lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu m’ pa vin betize – kingkvibe301

Loading...

verse i
kounya m’ santi m’ pa ka rete san m’ pa pale
e m’ pa tankou nèg k’ ap fe rap san l’ pa t’ pare
m’ n’on wout ki difisil men m’ pap lache
m’ pran pozisyon m’, f-ck tout sak fache
m’ pa atann tout moun pral renmen m’ koz menm bondye pa gen privilèj sa
kingkvibe301, nou pap bezwen di kiyès sa?
m’ pa nan lis nèg k’ ap voye wòch epi k’ ap kache
m’ voye dlo tout sa k’ mouye yo si n’ k’ ab klache m’

bridge(bis)
nan rap
m’ pa vin betize(3 fwa)
m’ vin tape nèg nan game nan k’ ap jwe
nan rap
m’ pa vin betize(3 fwa)
tout sa k’ pa dwat ranje kò n’

verse ii
koz nan trak pa m’, pa gen pas pouki la
nan rap, pa gen plas bouki la
ou se sòlda? pouki w’ la?
mwen fò m’ konn pouki m’ ap mouri a
rapè so fresh and so clean, poutan y’ ap mache sou fatra, pa vre?
tout se radòt, pou mwen se fatra y’ ap pale
yo bouche nen yo pou yo bwè dlo santi
gen k’ bouche nen yo pou pa konn nan ki nivo bouch yo santi
gade! zo fè nèg pa gen konviksyon
anpil devan y’ ap fè bri men yo pa gen vizyon
epi yo vle pou m’ swiv yo!
mwen m’ pap swiv yo
pou m’pa tonbe nan menm tou avèk yo
antank rapè m’ gen pouvwa pou m’ klere je avèg yo
sa k’ klere twop toujou gen tandans pete je sa k’ wè yo
mwen m’ pap fè foli pou m’ fè respè sa k’ avè m’ yo
m’ pa pou blood, m’ pa pou crip lirik mwen pa ka bòne
m’ tèlman anmè, y’ a di pouki m’ pat mort ne
men m’ la pou m’ bay ipap jarèt
tout move manyè, m’ vle fè yo disparèt
epi si w’ pa nan gou m’ m’ pap di m’ renmen w’ menm pa amitye
m’ s’on moun ki fyè, nan fè sousou m’ pa abitye
m’ pa gen foli star si w’ pa renmen m’ m’ pap kriye
m’ ap di l’
redi l’
pou jouk tan l’ afiche
nan memwa tout sa k’ panse m’ fè rap pou m’ fè moun plezi
jamè, m’ pito fè rap pou m’ bay moun plezi
pwezi
m’ ekri
dwe ka fè w’ reflechi
te-veri dwe zanmi m’ tout tan
menm lè l’ ta fè y’ vle re-ti m’
vouzan
pou tout sa k’ di ke m’ egri
y’ ap plede di mouvman rap kreyòl, la m’ twouve y’on jan ipokrit
gen lontan rap sou dife, jous kounya l’ poko kwit
akoz rape vin tankou polotisyen
depi zafè y’ ap mache se byen
mwen m’ se gason m’ pa ka nan tire pwen
m’ di sa m’ santi, pi-e pwen

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...