lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu konsta – lavale

Loading...

reg yo etabli deja
y’ap blo efò’w fè pou febli fòs ou nèt
isiba chien pa vomi zo pou pase fò’w soumèt
si rèv ou nwaye nan pisew, ou pat konnen pou ou modèl fok ou kite yo makiye’w
y’ap mete mi anfas ou, di w pa merite plas ou
koke djakout ou kote men’w ka rive menm si rèv ou diferan de size ou
y’ap diw tann lé’w se yo k’ap ralanti’w
rome bati sou mansonj wi se sa’m garanti’w
reyalite a kou leson donc m’aprann li pa kè
wi l’homme fè mont men se god ki bay lè
desizyon pou etwal briye ak pou l etenn chita nan men’l siw pat konnen’l se nomal pou’w kite l’homme domine sou zak ou
pa gen ero anko, tout kache nan yon liv
pa gen mouri pou la patrie, patri ‘n mouri sou nou pandan nou jis chita n’ap swiv
poze puzzle pou rev ou byen konstwi
wi’ m konstate tan ap bouyi tankou toupi
*ref*
l’homme fè mont bondye bay lè
*ii*
zanmitay sans inik, konesans djabolik
nan milye sa nanpwen pridans si malè san sonèt
pou’w rantre la pa gen pyès pot men w’ap jis wè yon fenet
lavi pa fè kado men li bay espwa, esklav jodi pa étone’w si demen ou tounen wa
yon tan pou chasè youn pou jibyè
si tout fwaw fèb la w’ap tou sible
si vwa pèp la se vwa god la dwe gen yon ekzanp ki trase
kob la fè fon, kod la dwe long e li dwe jwenn kou pou l pase
ekzistans se soufrans, tanbou lou aprè dans peyi n ap efondre atis hit yo ret en silans
souvan n’ap danse sou mizè’ n
yo ba nou zam nan plas liv menm m konstate yo lwen vizè’n
*ref*
l’homme fè mont bondye bay lè
*out*
m konsta se moman pou w pran desten w en main
pa met anyen pou demen
m konstate y’ap defann interè yo, ou menm aprann atake pou’w jwenn paw

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...