lirik lagu manman – leyla mccalla
se pa supriz si jodi ya m ap chante pou w
pou valè mizè ke w pase
m pa kwè m ap janm finn peye w
nou pa moun la grann sosyete
n ap woule sou w jekwa zan dye manman
pito nou chante souple
rele lespwa kote l ye
pou nou pa dekouraje
car nou egziste
manman cheri se ou k tout vi m
detèminasyon m
jès tandrès afeksyon manke
tout sa kòz de sitiyasyon m
m gade w lan je ou gade m lanje
se kè nou tou de k ap rache manman
kou w tande mwad me rive
manman m pa gen jou sacre
li sou tè ya l ekziste
lakay flè roz pa antre
ou wè ke mwen devwe
m chèche lavi pou m pa kite w soufri
se pa anvi m manke
il parait se jou pa nou an ki poko rive
ou wè ke mwen devwe
m chèche la vi pou m pa kite w soufri
se pa anvi m manke
il parait se jou pa nou an k poko rive manman
gad jan la vi fè m kazwele
fè mwen reziye
m jen ponyèt pa koupe
vye manman m trime l ap trime
kou w tande n chita n ap pale
depi w tande l pran le pase manman
tou swit fò l gen dlo lan je
lò sa a bon anj mwen ale
menm vole mwen ta vole
pou l kab console
son w vye madanm
ki gen kouray pou li reziste
apre oun karès oun tèt grate
li souri l mande fe de rale
li di pit-t mwen nou pat ne
ke montay pa konn deplase manman
tout moun pat fèt pou ere
moun pa fèt pou l twò prese
se paske w ka obsève
ki fè w gen tèt chaje
ou wè ke mwen devwe
m chèche lavi pou m pa kite w soufri
se pa anvi m manke
il parait se jou pa nou an ki poko rive
ou wè ke mwen devwe
m chèche la vi pou m pa kite w soufri
se pa anvi m manke
il parait se jou pa nou an k poko rive
la la la…
lirik lagu lainnya :
- kumpulan lirik lagu angie hart › lirik lagu feel what you don’t – angie hart
- kumpulan lirik lagu lb freeman › lirik lagu king vision – lb freeman
- kumpulan lirik lagu pete yorn › lirik lagu pov – pete yorn
- kumpulan lirik lagu the schuberts › lirik lagu restless hours – the schuberts
- kumpulan lirik lagu jaerv › lirik lagu i kan ikke tænde os – jærv
- kumpulan lirik lagu maddie jay the ph collective › lirik lagu leave u behind – maddie jay & the ph collective
- kumpulan lirik lagu juto › lirik lagu wayback (remix) – juto
- kumpulan lirik lagu lonelynite › lirik lagu 25 – lonelynite
- kumpulan lirik lagu la yegros › lirik lagu ya no llores – la yegros
- kumpulan lirik lagu sybyr › lirik lagu leave me the fuck alone – sybyr